Pawòl Nou pa kapab de Dug.G ft Jimmy Ruff

Nou pa kapab de Dug G ft Jimmy Ruff
Dug G
m wè nan peyi a vye frè gen anpil nan nou ki pa kapab
eske se dirijan oubyen se komèsan ki koupab
si ayisyen te gen zèl pifo tap vole ale lwen
paske pa gen mwayen

Verse I (Dug G)
chak jou nap di pèp la bezwen edikasyon
nou chita nap plenyen nou pa janm fè okenn aksyon
se toujou menm pwoblèm nan pa janm gen solisyon
peyi a livre a yo menm nan yon movèz kondisyon
se youn nan rezon ki fè anpil jenn dejwe
se lenstriksyon frèm ki fèm pa gentan devye
manmanm fyè de mwen dèske li menm pa echwe
se swiv konsèy granmoun e m pa janm mache tèt bese
kwak nou gen kouraj nou pa ka jwenn travay
men se byen domaj nou siyen poun pase tray
sak pakab yo deside yo fòk yo pati
men sak rezinye yo san mwayen yo kwè nan avni

Refren

Verse II (Dug G)
nou mèt fè vi nou nap manifeste pèsonn pap di anyen
lè peyi an cho biznis ap boule se dan yo yap griyen
yo kòz jenn edityan bliye kiyès yo ye
chak jou yo fas ak lapolis vi yo tout andanje
dirijan yo ap fè tenten yo kwè yo enbatab
tout sa yap fè se pou dola pèp la pa menm ka jwenn yon ribab
pwojè yo se miltiplye nèg avèk zam
chak jou nou leve nan peyi sa sa nap wè selman se dram
sa konn lakoz menm moun ki pwòch yo viktim
ayiti se reyalite sa nap gade nan film
se grangou ki fè lou soti nan bwa
se rezon sa tou ki fè gen nèg ghetto ki hors la loi

Refren (Jimmy Ruff)

Verse III (Jimmy Ruff)
Jah give us force inna fight
paske ayisyen nan batay
anpil se tèt yo yap defann
nou toujou viktim de koudeta
ti pèp sa ka pase traka
men jis ki lè sa va sispann
gen plis pwoblèm pou ti jenn ki nan geto
pa gen pesonn ki pou lonje lamen ba yo
se yo k toujou sible
e ki pa gen mwayen pou pwpteste non

Refren



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire