Wendy ft Dug G |
Se pa tout sa yo diw pouw kwè (remix)
Ni Se pa tout saw tande ki verite (leogane
stand up, remix)
Se pa tout sa yo diw pouw kwè (non) Ey yo
Dug G zoe
Ni se patout saw tande ki verite (noon)
Leogane Delmas
Se pa tout saw wè a de jew ki vrè
(Wendyyy)
Arete jeneralize
(Wendy)
Bondye voye nèg la sou tè kòm gason
Li menm li
met stil nan boudal olyel met kalson
M pa feel nèg sa yo tout fason
Tout sa poum diw ke se pa tout gason ki
gason
Se pa tout fanm ki pa bon
Se pa tout tou ti fanm 12 ans ki pa fon
Eskizem menm
di pawòl yo jan yo ye a
M pa nan
sansire m se on underground loreya (for real)
Se pa tout moun kap mande ki pòv
Se pa tout moun ki marye ki lòv (eskew
konprann)
Eskè on fanm ki gwòs 9 mwa ka dòmi sou fas
Eben se pa tout fanm ou w7 kanpe mariani
ki sou bras
Se pa pou tout bèl fanm pouw fe tizè
Dèfwa bouch yo santi tankou manje dòmi ki
pat nan frizè
Se pa tout piman ki pike
Se pa paskew preske rive pouw pansew pi
pre
Se pa tout pastè ki magouyè
Se pa tout moun ki avèg ki mal pou wè
Se pa tout levanjil ki gen lafwa
Yo konn pase bondye nan betiz tou parfois
Se pa tout chen mechan ki abwa
Se pa tout dlo nan je ki pa jwa
Lòt la retel dil se best MC a la best m pa
pè
Pale saw konnen tande se pa paskew gen
moun dèyèw pouw pansew se best rapè (Wendyyy)
(CHORUS)
(Dug G)
Tout
ayisyen pa patriyòt
Elèv la
ka dènye li pa sòt
Nan
kopye yo ka baw bon nòt
Kreyon
pap ouvri tout pòt
Nan vi a
nou tout ka pran kalòt
Tout
rapè pap pran minòt
M renmen
konnen men m pa tripòt
Men se
pa zòt ke kap di nou met kapòt
Poutan pitit yo ka peye yon kannòt
M pap bay fanm mwen nenpòt matlòt
Menm si
pou mwen yo vle bay vòt
Ah an sa nèg a kòl yo di pa verite
Mwen konnen lè yo nan gwo pòs
lajan
pral ligide (chak jou se konsa)
Se pa
tout fanm ki diw “Je t’aime” pouw kwè
E lèw tonbe nan reyalite a
monchè
ou ka fè kè (m pap baw manti)
Tou dayè
rap pa vle di muzulman
Menm jan
tou
tout nèg
a bib yo pa vle di croyant
Sa pa
tout lidè k ka prezidan
Menm tou
tout nèg a kòl yo pa vle di bon jan
Matematik
pa inivèsèl
menw
bezwen l nan tout sa wap fè ki reyèl (ou mèt fèm konfyans)
(CHORUS)
(Wendy)
Tout moun se moun men tout moun pa menm
Nou gendwa gen menm aparans men nou pa
menm
so! Arete met tout moun nan menm sak la
Se pa tout kochon ki ka viv nan menm pak
la
Se pa betiz map di sou track la
Ouvè zorèy ou koute pawòl yo byen papa
E wap wè pa
gen moun ki ka fè sam fè nan rap la
Lyrics kap fèw panse Se pa pran mikro voye
kaka
Se pa tout gangan ki bat menm kat la
Ou wè paradi se pa tout moun ki fè peche
ki pap la
Tande byen pouw wè sak la
Dèfwa moun y arete a se pa li kifè zak la
Si yo palew de rap Komèsyal m baw dwa ouvè
gagann ou di yo m pat la
Paske m toujou rape sam viv sam wè sam
resanti se pou sa yo relem traka
-->
Bonjou,
RépondreSupprimerÈske ou ap chache yon konpayi kredite prive ak akredite prive ki prete yon opòtinite lavi-long? Nou bay tout kalite prè nan yon fason trè vit ak pi fasil, prè pèsonèl, prè machin, prè kay, prè elèv, prè biznis, prè envestisman, konsolidasyon dèt, ak plis ankò. Èske ou te refize pa bank yo ak lòt enstitisyon finansye? Ou bezwen yon konsolidasyon oswa prè ipotèk? Gade pa gen plis kòm nou gen isit la fè tout pwoblèm finansye ou yon bagay nan tan lontan an. Nou ofri prete lajan ki soti nan 5000 dola a 50 milyon dola nan pousantaj trè wo enterè prè nan 2%. Kontakte nou jodi a via e-mail nou an kounye a epi nou pral kontan fè pwoblèm finansye ou ak bagay sa yo sot pase yo, Pa gen chèk kredi ki nesesè yo, 100% garanti.
Imèl nou: (albakerloanfirm@gmail.com).