Pawòl 10 goud papye de Dug G

Dugg G

Dugg wi boss, yo Knaggs I got you Rockfam baby Piworecords

Refren
M ta vle pran yon aleken mwen gen Selman yon 10 goud papye
Mwen fè yon jounen ap flannen Selman nan poch mwen yon 10 goud papye
Ta vle bay sak pa genyen menm pa gen plis ke 10 goud papye
Pou problem ke mwen genyen pa ka rezoud ak 10 goud papye

M oblije leve bonè, men fok mwen al brase
Manman m banm yon ti dejeuner menm si li pa ase
Kounya nèg pa manje pou gou frèm se pou boure trip
Lari a li fèt pou nou fre mwen se ladanl pou n trip
Aprè m
wen kwaze yon bèl lady abiye byen santi bon
Adresem yon bèl souri yon bel souri epoutan se sou mwen le fe fon
Li pran taxi li bliye bous li l paka peye
Epoutan m gen 5 kilomèt pou m fe apye
Li konnen aparans plis blof egal rezistans
Menm le m fre m byen kanpe pou mwen vi a se yon penitans
M pa gen plis pa mwe n nan poch mwen yon 10 goud papye
Kam tris son kriz mwen pa gen bouch pou m pale


Refren
Mwen kontinye mache chèche vire tounen map fe piwèt
Depim maten anyen pa janm tonbe mwen la map fè jiwèt
Dezom mouye lapli kanmem fok gen youn ki pi mal
Dezod ki anndan vant mwen ou met kwè pita li ka fatal
Sou wout mwen m kwaze anpil pov kalvè pat blanch
M byen renmen pataje menm kite lakay ap fe laplanch
Se yon rezon ki fè mwen paka menm pran you bann apye
Pa plis pa mwens nan poch mwen yon 10 goud papye
Mwen ta byen renmen jwe yon bolèt mwen m ta fè yon 3ème lo
Pou m te ka peye kèk dèt sil pasoti map pran nan cho
Sim tante gro m ka pèdi tout mwen gen espwa m jamè sou dout
Depim maten m sou may map fè flay mwen paka fe you chout
Refren
Pou m ka jere stress mwen fe ide pou m al tcheke yon ansyen fanm
Nan zafè sèks san kapot gro lo a la ou mèt ret tann
Mwen pat panse pou mwen ke l te gen 3 mwa gros
Lèm wè lap detaye mwen dil talè mal tcheke yon bos
Banm rive lakay felix pou m dil janm gen problem
Li gen yon aritmetik epi nan menl yon liv powèm
Lèm preske rive nan zon la mwen we gon akrochay
Se misye k’achete l paka peye epi l mande batay
M ta byen renmen ede l menm pa gen plis ke 10 goud papye
Epandan kèm ka pe
ye se kriz sou kriz tet sot la kale
Jounen m mal planifye m vole m pa jwenn ni poul ni pay
Avanm antre m fouye men nan poch 10 goud papye flay

Kèt mesye pou di se misye k ta banm de dwat sa
Ok respe pou tout nèg kap brase ne potpè, site
Lesko nèg cameroun nèg delma kfou ayopo neg chanmas,
laplen petion ville, nèg kfou, kfou fèy, nèg geto, site solèy bèlè, gran ravin,
nèg matisan e tout nèg little Haiti map di nou veye nou pa fè peson
konfyans se mwen k pou din sam pran.
-->

1 commentaire:

  1. Ce Dugg G est vraiment talentueux. Puis-je avoir les paroles des autres chansons de son album.

    RépondreSupprimer