Pawòl Mèsi ti cheri doudou de BIC ft Rutshelle Guillaume


(Rutshelle)
Ou kenben menm mwen kenbe kòm jodia m ka ekri lanmou
Mèsi ti cheri doudou
Depim kontrew m pa janm pou kòm jodia m se on fanm ki damou
Mèsi ti cheri doudou
Paranw dakò paranm dakò maryaj mete nou nan lavi
Mèsi ti cheri doudou
Devwam o pwòp sa vle di map rete avèk ou pou lavi
Mèsi ti cheri doudou

(BIC)
Pou m pa tonbe ou metem chita sou kèw an kalifouchon
Mèsi ti cheri doudou
Ou sonw modèl nan yon mond kote lanmou kale plichon
Mèsi ti cheri doudou
Ou tèlman byen potem sou do w m paka di m pile pwason
Mèsi ti cheri doudou
Mwen avèw nou simen lanmou kounya nap tann la moisson
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou

(Rutshelle)
Lèm te piti m tap chèche lanmou ki nan liv aleken (en)
Mèsi ti cheri doudou
M te panse ke moun New york te konn renmen ke moun aken (en en)
Mèsi ti cheri doudou
Kounya m vinn konprann ke 2 mèg pa fri se pawòl mesken (en, en, o, o)
Mèsi ti cheri doudou
Gen milyon dola ki gen mwens valè ke yon adoken (en, en, o, o)

(BIC)
Gen lanmou anba tant ki pi wo ke lanmou grate ciel
Gen lanmou pwa senkant ki pi lejè ke 50 sak sèl
Gen lanmou ki gen gwo gòj men kap mouri mò toufe
Gen vòlkan ki ka glase devan yon senp tizon dife
Gen lanmou salon gen lanmou chanm, lanmou chanmchanm
Gen lanmou chik gen lanmou chòk, lanmou chikchòk
Gen lanmou trip gen lanmou fuck
Gen lanmou solid gen lanmou kòk
Men lanmou ke ou fèm viv la se lanmou gwo liv

(Rutshelle) Mèsi pou jaden kèm ou rouze
(BIC) Mèsi paskem pa gen kè brize
(Rutshelle) Lanmouw fèm dekole kou yon fil ze
(BIC) Mèsi, (Rutshelle) Mèsi, (BIC)Mèsi, Mèsi,
(Rutshelle) Tizon dife
(BIC) Mèsi ti cheri doudou
Rutshelle an fe
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou
Tizon dife Records
-->

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire