Pawol Jenès Ayisyèn de K-libr

K-libr, Rap entelek
K-libr Mystik
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Intro
“Message lancé à la Jeunesse” Jenès Ayisyèn (K.O.LABO recordz)
Jodi a nou pot non elèv, demen se nou ki pwal pwan la relèv

Strophe 1
Konbyen vedèt rap tap bay si yo te ankadre talan
Konbyen sèvo lekòl tap bay sil te fèt nan yon sèl lang
Nou paka fin konte konbyen jèn ki echwe n’bay par an 
A qui la faute? Eske n’ka di se Leta oubyen paran
Depi m piti yo fèm konpwann fòk m’al lekòl poum reyisi demen
Se depi, m’pwan liv kayem plim kreyon mwen ak de men
Erezman m te konn panse, koz efò m pa rekonpanse
Chak fwa m panse m fonw avanse, se wè mwen wè m rekòmanse
Sosyete ap tann la fen poul mandew saw te fè
Sanl pat edew, li pa menm bezwen konn ki janw pwal fè.
Gen jèn ki gen talan pou yo ta selèb kou Rihana ou Chris Brown
Nan spò genyen k’pi rèd ke Messi e James Lebron
Malerezman se nan lari a yo jwenn vedetarya
Sak gen diplòm lisans men yap pouri nan proletarya
Travay pou patwon mafya kap bwè fòs yo kou tafya
Paran yo pèdi pari a, Leta pwan yo pou paria

Refren
Ayiti pa tè leta,
Se paske n aksepte viv san leta
Ki fè nou retrouve nou nan yon tèl eta
Se peyi sou latè ki plis anreta
Ak yon jenès kap fin deperi
Jodi a pyès moun paka palem de peyi
Kap fòme ki ayisyen pou ki Ayiti
Repons lan nou pap ka jwenn li nan patipri

Strophe 2
Nan mitan jèn yo sak plis anvòg se pwan pòz thug
Pèdi nan dwòg, bwè gwòg, al glase nan mòg.
Kèk jèn ki reyisi pase ki ka fè kèk grenn dola
Ap pike devan san l pa fè sousi pou sak nan do l la.
Nan mitan nou la jenès yo fèn pèdi vizyon
Nou kite yo mete nan plas lapè divizyon
Politik la konpwann sosyo-ekonomikman fòs nou
Yo met ase baryè pou fèn pa ini fòs nou
Malgre kont syans politik fè nèg yo pèdi konsyans
Nan yon sans nan tèt nou yo fè nou pèdi konfyans
Nan plas lekòl yo bann ase bagay pou distrèn
Diskisyon sou fanm, rap, Basket, Football jis plèn.
Lespri ti medam nou yo merite foubi
Koz tele fin sal li ak Marina e Ruby
Bèl kounyaa pou yo tounen yon metye
BBM, Facebook, Badoo, pou yo se koutye.

Strophe 3
M pa janm wè yon peyi k devlope san klas mwayèn
Jenès an Ayiti n’reprezante plis ke lamwayèn
Jèn se rasyon nouvèl jenerasyon
Ki pou jenere aksyon k pou fè venere nasyon
Nou se 5 dwèt nan yon sèl men k’reyini pou tire yon kout pwen
Se jèn nan tout kwen ki dwe leve kanpe nan tout pwen
Poun di nou pa vle on lekòl kap fonksyone a 4 vitès diferan
Kap pwodwi andikape sosyal ki pwal met dife nan
Yon sosyete k’te déjà pa menm gen ekilib
Nou vle yon peyi k’satisfèn nan tout sans e ki lib
Chanjman an, jan Obama te dil « yes we can! »
Sin sispann sèlman chita bwè kleren chak week-end
Ou menm granmoun ou gen responsablite paw tou
Reyisit oubyen echèk jenès la se paw tou
Lèw fin plante ou dwe sekle wouze pouw jwenn bon rekòlt
Menm jan pou jèn yo fòn ankadre yo bay o bon lekòl.

Outro
Jenès Ayisyèn, Jodi a se nou k’pou fè tande vwa nou
Nou pat mande pou yo te plante’n, ebyen si yo fin fèl, fòk nou egzije pou yo wouze’n
Sekle vye zèb ki anpeche nou pouse, yo dwe pouse nou al devan, se pa pouse nou mete deyò.
Pandan nap revize pozisyonn ak priyorite’n, fòk nou rete konsyan e konfyan.
Saa sonw chanson de victoire et d’espoir.


Musique d’Askaan prod
Paroles de Valckensy (K-Libr Mystik) DESSIN
Maxi-Tape « Mes Tourments » décembre 2012
Production K.O.LABO recordz



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Pawòl Fèm Konfyans de Baky

Baky, Rap kreyol
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


[Verse 1] Ou we nan mond sa, gen neg kap pre pou bay vi yo pou montrew kew gen LE DROIT POU’W REVER
Gen neg kap la pou blow, lot kap tou pre’w lew bezwen, e lew tonbe kap baw LE BRAS POUW LEVER
Lavi pat fet seulman poul PARFUMER
Gen neg kap twonpew koz ak pawol li’w wel ka GERI MORTS
Gen lot kap ofri’w nway ki PA FUMER
Saw ap fe an, se just fel, men bat apresa pouw pa GEN REMORDS
Neg kounya pa we vale nan FI EDUKE
Majorite nan yo pa kwe nan FIDELITE
Pou’w relasyon dure, w met kwem, yon FI DWE LITE
Koz pou KITE MISYE
Wap we pwop fre’l ap VIDE LIDE
Nan TET OU
Yap fosew krazon rev de TRES TOT
Ou kwe nan amitie, men sak pi pwoch ou, lik POU TRET OU
Men’m kwe kanmem gon neg, kap pre poul sakrifye vie player kel tap mennen avan POUTET OU
[Verse 2] Kounya, lanmou fe neg PAPIYON
Kotew tonbe an, ou just goute, epi’w EPAPIYE’W
Lavi pa fe kado, met jenou’w ate, siw we’w tak yon moun, li kite’w et san KE’L PA PIYE’W
Mwen’m vle kanmem pouw KWE NAN MWEN
Kwe kew se sel fi ki sou KE AN MWEN
M konn moun ap mandew SAW WE NAN MWEN
M fe sechresse lem poukom, men lew avem, ou met FORET NAN MWEN
Ba ou map souri, et jame’m pap BOUDE

Et tout saw dim, m pwomet, jamem pap DOUTE
Et map KOUTE’W lew bzwen pale, m pap MONTE
just pou pa rive yon jou’m we ke son lot neg kap GOUTE’W
ou met kwem, nan lavi’m, map baw TOUT TANM, TOUT PLANM, pou JOUK TANM mouri, fow ret avem, menm sis e L’OR POUM PEYE
e si mize ta vin POUL PRANW, m pwomet ou map vin plante bone nan kew, menm si se LOVE POUM KREYE




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



 

Pawol Avan’m Siyen de Baky

Baky
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


[Verse 1] Avanm siyen, m vle OUVON’ DEBA,  Kiyes KAP PRON’ 2 BARS?
Neg pral hate, gen vrai’k pral fake, gen sak pral vle AFRONTE BA.
Ohoh, SON DEVWA, vlel ou pas, fòw TANDE BOI,
et rap pèdi valèl, li vin twò sal, sou li’m vin CHANJE DRA.
Hip Hop kreyol, now se lèw POUW BRIYE, twòp MC baw gwo kalòt kew pako prè POUW BLIYE. Kounya w’an DANGER NOW,
yow rap, map RANGER LÈW, avan’m siyen contrat, m vle pale et tout sak wack dwe CHANGER NOW.
Kounya sou track, menm ti CHAT NAN TRAKE GORILLES,
map repati mc, fòk CHAK NON’W KATEGORI.
Wi Game lan pòv, twòp dette PAKO PEYE,
e wap jwenn plus divizyon ladanl ke nèg KAP COOPERER.
Mwen’m pap vin Test nèg, sak pa bon, m JUST ANBALE LI,
mc k’ vle Game lan clean, wap wè kel JUST PRAN BALAI LI.
(Haha) Lè map pale, sak pa dwat DWE PANIKE,
(Ooh) Rap la son fanm? Apa tout krab VLE BA LI KE???

[Refren].
[Verse 2].
Kounya’n vin Rèd, yo vle RAP LA PE, hip hop la PA KA PÈ,
tout peyi a konnen jeunesse la se virus Rap ke L’ATRAPE,
tout lòt yo VL’ATAKE’N, tout pòt yo VA TACLER,
se poun poze kesyon sak fè nan Rap, tout thug yo KAT MAKE.
Tant wap viv plus, eksperyans ap fèw DECU DE L’HOMME,
Rappeurs pa Dieux, fò’n suspann panse’n au DESSUS DE L’ORDRE,
li leu poun suspann meprize sak la pou nou, avanw boulon diaman,
fòw gade ak ki mwayen’w ka DESSINER L’OR.
Fòk gen aksyon, Projè pa fèt NAN PALE,
et leu gen gwo meeting, fòk Rap kreyol ka jwe NAN PALÈ,
et siw we Rap la ap tonbe, fòw ka FÈ LEVE’L,
et sil manke nivo, fò’n travay plus, poun ka Fè’L LEVEL.
(Come on). Siw jwenn clochèt pòt succès, fòw bay ENPE SONNEN’L,
si jeunesse la bezwon modèl, fow ka ENPRESYONE’L.
Et sak pre Glwa, fè mwayen poul ACCEDER LI,
èv Rapè supoze vann, poul pa mouri AK CD LI.

[Refren].
[Verse 3].
(Jounalis) Yow Baky, nonw ap site, avanw siyen, mwen ta renmen konnen kijanw pare pouw enpozew nan game sa?
Baky: Yow, m pral enpozem par mesaj mwen, et rap de kalite an pral premye.
Jounalis: bon’m wew determiner, poum terminer, eskew pansew pare pouw fe reyalize rev sa nan game sa?
Baky: Men kounya’n son TEAM, et Game lan pral CLEAN,
pou li’m pral yon KING, de mwen lap DIGNE, em tou DI’N, map pran tout PRIMES.
Nap rap kreyol, map pot lanmou tankou CASANOVA,
map gon bel vie, bel machine ak yon CASA NUEVA,
se tout peyi ak pral remake van vire, jou ma suspann mate sou beat, fol ta sick or nan CAS SA L’OVAL.
M konnen gen nèg de mwen yo pral ENVIER,
sam pare poum fè, se nan plas mwen yo pral ANVI YE(Come on).
ALLOUHETTEEEE, depi Baky fin siyen, tout fake Rapè yo pran BROUETTEEEEE.




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production