Pawòl Rockfam pou lavi de Rockfam ft Jay-Z

RF feat Jay-z
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Map pase Rockfam afiche okap m pat ka ale
Se yon ti chèn ajan manmanm te fèm kado m te al plane
Mwen konsyan ke mwen eksè
Se mwen k wè efè Rockfam fè sou mwen yo
Yo met di m fè tet mwen mal wi m fè eksprè
Mwen te gen mezi kob kat la monnen an pou byè ak sigarèt
Rive devan baryè met men nan pòch tout kòb la disparèt
Yon bon zanmi vin banm yon fo kat nan rakèt
Pou pogram sa lapolis devorem anba chaplèt.
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizaj
Nou di ke nou se rockfan e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi
Kanpe bis lan pou mwen chofè tanpri souple
Ouvè vit lan atis avèk nou mwen anvi pale
Mwen konen nou prese mesye banm de minit nan tan nou
Mwen just vle fè nou konen gen moun Nòdwès ki renmen nou
Rockfam pa dwe gen pwoblèm sil ta wè yo mal akeyil
Paske n deja konen pwofèt pa janm pwofèt nan peyil
Sak fè jodi a kòm nèg Pòdpè m santi mwen fyè
Se paske Rockfam Lame se fyète Pòdepè
Elyona lotrejou m pat ka jwenn ou m te kite mesaj pou ou
Sa fè lontan m anvi nou dyaloge di nou kijan mwen fou pou nou
Franchman m ta renmen wè m abite bò kot nan vil
Demenaje nan blòk mwen fè pakèt mwen depi gonayiv
Mwen atire e opsede de tout travay nap fè
Menm lè yo vin oze mandem batay m pa pè
Lit nou angaje ladanl lan m konen l pa piti
Kanmèm fok nou rekonpanse menm lè se isi
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizag
Nou di ke nou se rockfam e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi
Mwen santim se yon nan fan ki plis malad rockfamily
An pasan m abite potoprens nan BPC
Se mwenk pou di nou jan map pote chay gwoup la sou dom
Nan figi yo mouchwa nwa rockfam tatouwe sou pom
Pafwa nan jounen an m konn leve m pa gen yon santim
Se wikenn rockfam ap jwe yo mwenk pou din kijanm santim
Lèn kraze klèb ak festival yo m santi mwen wa
Yon fan tankoum pap janm konvèti map rete mafia
Yo Atròs man, ou pa konenm byen se mwenk konenw man
Mwen vlew konprann mwen, m deside relew poum fèw konen
Kisa nou reprezante pou mwen antanke fan
Piga nou devye pansen mwen m se neg Miragwam
Mwen vle poun toujou rete soude poun pa janm dekouraje
Poun pale lè poun pale pa kite moral bese
M pa kwè nou konn konbyen moun jodi pa demen ede
an gwo nou fèm fyè de nou m swete n pa sispann reve
Mwen sonw fanatik rockfam kap viv SenMak
M pap ban manti sou mwen nou fè nou fè anpil enpak
Sa ki egrim sa ki rayim
Men grasadye mizik Rockfam yo soutnim
Bo lakay mwen m pa janm gen repo
Se sak fe zanmim yo banm do
Mwen gen inoubliyab e endiferans
Pou bay la vim plis sans
Oooo, rockafam geri maladi
Ou se limyè ki klere vim anba je tout ènmi
Oooo, rockfam geri maladi
Ou se limyè ki klere vim anba je tout ènmi
M se fanatik Rickfam kap viv nan vil Okay
Pasyonm pou ou fin ogmante aprè tout travay
Se mwen k tap diw nou pa konen
Se mwenk tap viv tout sam konnen
Pou zafè rockfam sa m toujou pre pou mwen goumen
M pat janm bow do malgre bolgotay difikilte m pasa kitew
Yap tann se lèw pa la se la sa yap vin onerew
M renmen rockfam paske apresye talan
Em pap janm trayi poulajan
Masta Precha, m se Klayn yon fan Jeremi k nan prizon
Depim aprem fin kondame lame a pou mwen sonw gidon
Chak fwa m vle tiye tet mwen m chanje opiniyon
Tande mizik nou ak pasyon ki banm yonlot vizyon
Nou fem wè nan la vi ke tout bagay ka chanje
E koul fè nwè nan la vi se lè sa ou pral delivre
Map kenbe la m pap moli ke nenpot sak ta rive
Rocfam ini pou la vi nan kem nan toujou grave
Pa gen sak sot nan bouch mwen ke mwen paka pwouve
Sonw fran mafia kwem san dout man bout mwen pap ka trouve
Jis Bouklin wi m stil fanatik RockFam pou la vi
Toujou klin wi mouchwa nwam toujou pandye tou lè nui
Wap di m avèg m avèk li nan bon tan kou move tan
M santim ap bed Fockfam paske sonw gwoup ki konpetan
Sak pansem ta pral aji tankou Jida k trayi Jezi
Kom siw ta di m rayi bon rap m rayi bon flo m rayi bon plezi.
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizag
Nou di ke nou se rockfam e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production
 




-->Klike anba pou tande mizik la

Pawòl Ou se lanmou de Rockfam

Rockfam, Nickenson Prud'homme
Afichew poster
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Ou se tout sam genyen
Ou se tout sam bezwen
Ou se tout sam rete
Apre tout sam pèdi
Ou se trezò kachem
Sèl sa mwen posede
Ou se tout anndan mwen
Nanm mwen Ou se
Ou se lanmou ou se lanmou
Ou se melodi m enspire
lè kod gitam dezakòde
Lè chalè lanmou m gen pou ou a nan kèm ap debòde
Ou sonw anj yon fenomèm yon bote natirèl
Se ou k fèm kwè jounen jodi a yon fanm ka fidèl
Ou se lanmou an pèsòn mwen konenm depase lèbòn
Map travay pou lanmoun grandi poun pa wont devan je lèzòm
Kotew pase w pile san te kache lanmou pouse
Lèw souri se komsi map kontanple solèy kap kouche
Ou se joum fèt jou map mouri
Menm kou trèt pap fèm kouri
Ou met fèm konfians cheri
Nan lanmou sa mwen pa vle fèw soufri
siw konen pi devan w gen pouw fèm lèd cheri ou mèt kitem peri
Paske maladi lanmoum lan ou se medikaman k ka geril
Ou se tout sam genyen
Ou se tout sam bezwen
Ou se tout sam rete
Apre tout sam pèdi
Ou se trezò kachem
Sèl sa mwen posede
Ou se tout anndan mwen
Nanm mwen Ou se
Ou se lanmou ou se lanmou
Menm lèm konen Gen moun ki pa vle kwè
Gen mounkap di m fè gwo erè
Sak kap di m pa gen respè
Gen moun kap dim fè twòp eksè
Tanpri pa kritikem banm you ti chans souple
Sa map din la pa enposip em konen ka pwouve
Tout sa se lanmou liye
Mwenm tankou yon boukliye
Poum pa pèdiw map pwotejew fòs mwen se ou liye
Se ouk seche dlo nan jem
Ouk ekate danjem
Manje ranjem pranl jan ou vle
Ouk fè lavim chaje
Se Ouk pa janm deranjem
Ouk pa janm melanjem
Fèm sa ou vle pranm jan ou vle
ou ki ka aranjem
Map pran plezi nan pwotejew
Fè pou lemond pwogrese
E wè deziw se pote èd bay moun ki oprese
Menm si m ta va pran dimil ane
Mwen pa tap janm ka fin esplike
Tout sa ou ye pou mwen
Se nan ou mwen jwenn plezi
Fè tout chagrenm pati
San ou pa gen lavi
Ou se zanmi mwen manman pitit mwen madan maryem
Ou se bonè mwen lajwa mwen epiw se boukliyem
Pou mwen ou se lanmou
M pa we mwen k pral viv san ou
Lè mwen pran tan poum reflechi
Sou tout sa ke ou ye
San pèdi tanm reyalize sonw fanm tankouw ke mwen te vle
Ou se yon akò yon amoni yon senfoni k fè pran foli
Yon mizik ki fèm dòmi, ou se lanp lenmen la vi
Tout sam reve tout sam swete
Tout sam veye sak fèm viv ere
Nan jew m we ou se lanmou
Lèw bat jew m wè li plis toujou
Manman pòch so uok sèlman ki konn lèm rakou
Manman vant mwen ou sèlman ki konn lèm grangou
Men lèm ta chache m pap janm jwen yon lòt tankouw
Ou se tout sam posede
Tout sam tolere
Ou se fòs mwen feblès mwen jwa mwen tristès mwen
Ou se tout sam genyen
Ou se tout sam bezwen
Ou se toout sam rete
Apre tout sam pèdi
Ou se trezòm kache
Sèl sa mwen posede
Ou se tout anndan mwen
Nanm mwen Ou se
Ou se lanmou ou se lanmou





Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production



--> Klike anba pou tande mizik la

Pawòl Swiv mwen de Baky ft Lentz Louis

Baky, Lentz Louis
Pral gen rel poster
M vle pouw swiv mwen, m vle pouw nan decret mwen
tande sam pral diw yo em mandew kwe mwen,
Siw we lavi a mandew care mwen
M vle pouw femen Jew, swiv melodi e tande kè mwen
M pral mennenw Kot pouw renmen w pap ezite
Kote Tom ak Jerry Ka sou menm tab ap medite
Kotek gen love, kote kont de fees ka existe
Kotew pap janm jwenn dout, kot ak lanmouw pap reziste
Kote se fèt ak jwa ki konte
Fèb pap la ni honte
Kotew ka we koule bone, kot Haine pap ka nwi bonte
Kote gè pap ka nwi monde
Tè pap ka immonde
Kot lè lapli tonbe, jamew pap  wè lakay k’inonde
Kote, yon fwaw pap janm panse kem ap Kitew
Kote map toujou la poum supotew lew ap bite
Kote, Lew an danje, w pap pè lem abritew
Kotew pap janm desu lew deside fe kew gidew
{Verse-2}
Kotew gen chwa, kotew pap vin jwenn destinw hanté
Kote solèy leve, kote trezò vi implanté
Kote pye bwa pale, wap tande vwa Le van vante
Ou pral we kote Blanche-Neige pa seulman istwa envante
Kote ke best zanmiw pa tret
Bonè pa gen taklèt
Lèw pale de rich, ou pap pans’a neg kap fe raket
Neg pov, pap we mize, lap gen twop jwa nan pakèt
E tout saw pat  genyen, laviw pral few kado an pakèt
Kote’k tout bèt ret tendre
E jamew pap tande kote yon fwa nan viw w te lonely tankou akon
Kote pa gen rancoeur, kote kel pi fasil pou yon neg padon’on frel o lieu poul hate one
Menm si pandanw avem yap bouradew
Menm si pandanw kenbem, gen twop nan yo’k vle pouw lagem
(Men’m vle Adan’w, ouk se Eve mwen)
Pou tout sa reyalize, nap bzwen seulman nan vi sa poun a 2.
-->

Pawòl Assez de Rockfam ft Nickenson Prud'homme

Rockfam, Nickenson Prud'homme
Assez cover by RF
Rock Rock Fam
Yon ti erè ke mwen te fè
Te fè la vim tounen y lanfè
Ou fin kitem wap panikem
Eske se vre ou vle tiyem
Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
menm Bonbye pa bay de pèn alafwa
Poukisa ou pa sispann banm traka
Pouki nou pa ansanm depi ou wèm ou tonbe agasem
Pouki lèm yon kote ou vin parèt ou tonbe trakase
Ou pa yon ènmi pou mwen m pa wè rezon pouki wap nwim toujou
Ou kapab diferan de mwen ki koz mwen pa nan viw toujou
Se pa destenn poun kontinye
Menmsi m gen tò mwen diw ase
Lanp lanmou n rive etèn fok n akseptel sa dwe pase
Lè moun palew de mwen nonm se pi gwo mo k sot nan bouch ou
Gen lèw gentan bliye si se mwen ou te konn rele chouchou
Ou dim paka fè bonè
Mwen vle ale san regrè
Nan la vi pa janm di jamè
Pran pleziw tanpri banm lapè
Lèn te konn gen pwoblèm pat janm te konn nan rakonte zanmi
M pa wè poukisa se jodia ou deside banm bri
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Se ou kap koz lanmòm
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Yeah eah
Apre tout sa ki fin pase pouki se mwen ou toujou ap chache
Fin fè viw wap machak kom wap pale sou dom tout kotew pase
Ou tou fèm wè ke lanmou pi devan ka tounen pyèj
Pandan wap jijem pou sam te fè ou menm ou pa yon sent vyèj
Pouki depim tandew nan yon zòn mwen menm m oblije lase
Plede relem nan telefòn chak jou vim wap menase
Wap mache wap chachem, plede mande kote mwen pase
Kotem kache, kounya m fache sim te fèw bagay ki mal mwen diw ase
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Se ou kap koz lanmòm
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Yeah eah
Tout kotew pase wap palem mal wap dim se vagabon
Menm soufri ase, m konenm few mal se pa mwen k pi pa bon
Mwen fout bouke fwa sa
M refize pot kwa sa
Wap gade byen li pa nòmal poum abese fwa sa
en an gentan pase deja m santim anvi chanje paj
Ou dim gen tò devan la lwa menw vle jijem avek raj
Pa janm gen pèn san sekou
Pat dwe gen hèn an retou
Pran jew gadem wap wè etam, menm lem konenm baw degou
Konpreyansyon, afeksyon prensipdebaz tout relasyon
Te merite afeksyon, avan tou konenm se gason
Non machè sa pa bon
Atansyon pa kapon
Pa kwè se mwen sèlman ki rann jwèt la vin makawon
Yon ti erè ke mwen te fè
Te fè la vim tounen y lanfè
Ou fin kitem wap panikem
Eske se vre ou vle tiyem
ooo...
Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
menm Bonbye pa bay de pèn alafwa
Poukisa ou pa sispann banm traka
Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa
Poukisa ou pa sispann banm traka
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Se ou kap koz lanmòm
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Yeah eah
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Se ou kap koz lanmòm
Ase mwen santim fatige
Ase pouki wap panikem
Ase mwen santim pakabap ankò
Yeah eah
-->

Pawol Rev nan rev de Baky feat Abojah and Blay-Z

Baky, Abojah, Blay-Z
Pral gen rel cover
Intro]
CHRIST desann poul vin jere CROIX se yon zè nan chè, Prèv pran trèv
sèpan EVE enposib pou l’HOMME posib pou DIEU…..
Sa se yon rèv nan rèv

[Blay'Z]
Sou fey kaye map uni Vers Chache uni Vers
Mwen Act mwen kidonk Mwen ak mwen like GOD ak Univers
Cheche yon fason mkreye aksyon pasyonm peye ak son passe temps mplede jere
Mplede Errer Isiba, mplede Rele
Jenou tè map chèche chans demen nan yon priyè
Jodi vin yè li vin nyè poum jwenn sans demen fom peye prix yè
Plonje nan Inconscience manje yon grenn konsyans menm ke yon Science
Palem de psychê a Fos nan lespri menm si chè a, Fèb frè mfyè
Ann pran yon lot paj pran yon lot Age
Kot SENS pèdi SCIENCE pè di kel’ gen limit
Nan yon ETERNITE wap jwenn Sèk Sik Syèk 7 chif fyè
IMMORTALITE rèv tout mortel fèn suspèk
Pèsonn moun pa kontan vieux wap jwenn AdaM nan DIEU
(Adam nan DIEU!) Se verite menm kew’ pa konprann YEAH!

ABOJAH –
Intro.
Tout est vibration
Tout est lumière tout est vie
Tout est vrai tout est rêve…
Verse
Je sors mon bouclier j’me bats
Bien trop fier pour que j’me barre
Dans l’enfer de mes désespoirs
Je crois en moi je crache mes bars
Trop tendu, état suspendu, dans ma vue mon âme perdue m’a vendu m’a rendu
Sourd, aveugle et muet….mon frère mais qui tu es
Dans ce songe où je rêve que j’suis mort sans réserve j’ai plus de force sans mes vers
Sans un nom je supporte mal l’inverse, je m’épuise mort dans les serres
De mon inconscience face aux vacarmes de mon silence
Qui ont cette si grande influence
Sur mes sentiments qui me distance… Du soleil
La dernière plume du phénix cramé à fond je renais de mon sommeil de mes cendres
La face évanouie de mon père me fait fondre
Le monde semble s’effondrer
Je m’étais plu qu’ tu n’étais plus soit t’es têtu soit tu te tais et ça tu le sais
Je n’essais plus je le sais je regrette mes secrets je m révèle c pour toi que je le fais
L’instinct de tueur meurt dans la froideur de mes sueurs je demeure dans les leurres du réel
Alors je pense m’évader de mon ignorance alors je danse au rythme de mon innocence

BAKY
Rezulta chato par simple effet de PIERRES’K TE LEVE
PYÈ’K TE LEVE bay le pourkwa kok chante trayizon yon FRÈ’K TE KREVE
KÈK TE NÈVE lèn tap pale de mo FYÈTE’N REVLE
JE’K TE REVE bay vizyon Kochma de malè TÈ’N TE OEUVRER
yo, ou KONN SOEUR’M
Supotem, va voir un CONCERT
Experyans ou ak enbesil ka few we a koi un CON SERT
KONN SAW VO
mouri dife, glas pap ka KONSÈVO’W
M ka konn sak nan pansew, men jamè’m pap ka KONN SÈVO’W
Succès blo echec, men Le echec vle genyen, w pap ka BLO SIKSÈL
Dezidrasyon pap janm ka zanmi pwoch DLO, SIK, SÈL
Yon TALENT
En parlant, fow ta klasel DEPI ÉLITE
DEPI E LI
POUL TA LENT, fow ta kase 2 PYE LI
(Sak bay vi?)
premye kri bb BAY LAVI
Ou mèt ekril, aprè tout cri ki swiv makel regret viv, BAY AVI’W
Excitation kont SAJÈS VWA’W
So, map revo’n God kap revon’ lòt mond kap revlon’ Lord
Sa JUST WOUAW
Se just yon Rèv nan Rèv.
-->

Pawòl Biyografi mwen de Wanito

Biyografi mwen poster
An an
Men pouki pouki tout moun vle konnen
Ki kote mwen soti byographi mwen
Nou pa bezwen pase pa 4 chemen,
Men mwen sou track sa nou tout pral konnen
Mwen fèt Jeremi nan bwa andeyò
Mwen pa pot siyati papam mwen se pitit deyò
Manmanm malerèz m pa bezwen garde du corps
Mwen mache a tout lè paskem konnen bondye pi  fò
Se vre nan lekòl mwen pat janm premye
Ak yon mwayèn 5 tou won kanmenm map monte (e  e)
Gras a Dye m fè tout klas mwen nan lise
Gwo kolèj pil lajan mwen pat ka frekante

M vlew konprann sa
M vlew konprann sa (ou o o)
Avèk yon bwa gita m ka fè lemond antye koprann sa
M vlew konprann sa
M vlew konprann sa (ou o o)
Avèk yon bwa gita m ka fè lemond antye koprann sa
An.an an .an sa se wanito
An.an an.an biyographi mwen

Men pouki pouki tout mwen vle konnen
Ki kote mwen soti byografi mwen
Yap pozem kesyon vle konn pase mwen
Eksperyans ki te make lavi mwen
Mwen fèt Jeremi nan bwa andeyò
Mwen pa pot signati papam mwen se pitit deyò
Manmanm malerèz m pa bezwen garde du corps
Mwen mache a tout lè paskem konnen bondye pi  fò
Nan ane 88 mwen fèt tande
M potko menm gen mwa manmanm sevrem tande (e e)
Li te gonw kote lap degaje
Si li pa al fè job la lap revoke
Li toujou kitem nan pye vwazìn nan
Men 2 pafwa lèl twò prese
Li bliyem nan chanm nan
Pat gen mwayen
Pou te peye bòn non
Bagay vinn koz map drive nan tout zòn nan
Komanse grandi li voyem lekòl ka madan Loulou
Dam ki konn vinn chache nan podyab li se boubou
Chevem konn gwo manmanm rale sizo li fèl
Li ban mwen tchas krochi
Li pa bay moun dwa pale nan zafèl
Li met prensip sou mwen
Lèm pa aplike li vide kou sou mwen
Li fèm konn gou bouch mwen
Lèl gen lajan li fè bon manje pou mwen
M te genw zanmim ki genw gita
Se lakay li m te konn chita
Map chante maten midi swa
Jiskaske m vinn pran level sa (ou tande)

An.an an.an  sa se wanito
An.an an.an byografi mwen
Kèt kèt kèt m kraze sa
Jwe nan tout fèt sa
M kraze sa
Nan kou de ratrapaj nan lise petyonvil
M ouvè yon paj mizik m fè tout medam yo feel mwen
M vinn gen popilarite
Jwenn moun ki konn apresye
Nan tout lari map tande
Mizik mwen yap fredone
Nan bouch timoun
Granm jen moun
E menm nan bouch vwazìn foufoun yape chante
An.an an.an (sa se pasem)
Sa se Wanito (bagay m pap janm bliye nan lavim)
An. An. An. An Byografi mwen
An an. An.an Sa se Wanito
An.an an.an Byografi mwen  

Pawòl Lavi potòprens de Sissy ft Dutty

Lavi potoprens
Sissy ft Dutty
(Sissy)
Mwen deside kite pwovens poum rantre pòtoprens
Poum al bouske lavi poum fè rankont avèk destenm
M pa gen pèsonn ki kote m prale m pa menm konnen
Lespri se sèl sans kap gidem sou chemenm
Mwen chita nan bus la m santim tris ak dlo nan jem
Kite fanmi zanmi dèyè Chantal m pap janm bliyew
Plas mwen nan vit la m konsantre m obsève
Peyizan kap pase devan St-Jeanne rèv mwen m swete
M regrèt bèl vilaj mwen m kite
M fonw kout je dèyè poum gade
Chak segond mwen santim inpatiente
Lèm rive nan vil la m etone

(Dutty) Bèl ti pitit di mwen kisa ou pot pou vann
(Sissy) Padon mesyen non mwen pa yon machann

(Dutty)
Se kanpe mwen kanpe epi mwen obsèvew
Mwen wèw kanpe lontan ki kote ou prale
Eskew gen moun isit yon fanmi yon zanmi
Mwen menm m se nèg lari menm ka sèviw demen
Yon ti konsèy, pòtoprens vann ou li pa baw papye
Mache sou 13 ou pouw pa pile 14 ou
Anpil ladan yo se kouto 2 bò yo ye
Y ap fè fèt pou ou yo menm kap trèt ou
Yo bò kotew yo palew mal manje grenn jew
Yo se bwa danw ou se kras yap dekòtikew
Fè yon fason pou dwèt yo ka tonbe nan jew
Koute lespriw veye kote wap met pyew
Ou se yon jèn fi
Ou gen yon avni pasyans pouw preparew
Se pa tout dan k ri avèk kè ouvri k ta vle zetwal ou briye

(Dutty) Bèl ti pitit di mwen kisa ou pot pou vann
(Sissy) Padon mesye non mwen pa yon machann
Depi lè m desann machinn nan m wè tout bagay etranj
M wè twòp monte desann m kwèm kot peyizanm
Mwen santim nan touman m pako konn sa poum fè
M te kite lakay mwen lesprim byen dispoze

(Dutty)
Mwen pa gen kòb ak bèl kay poum baw
Wi m son w abitan nou tou lè 2 sou menm ray

(Sissy)
Mwen pa bezwen byen materyèl nan menw
Mèsi pou konsèy ki ka sèvim pou demen.

(Speech…)
-->

Pawòl Arete Jeneralize de Wendy ft Dug G

Wendy ft Dug G
Wen Wen wen Wendyyyyyy
Se pa tout sa yo diw pouw kwè (remix)
Ni Se pa tout saw tande ki verite (leogane stand up, remix)
Se pa tout sa yo diw pouw kwè (non) Ey yo Dug G zoe
Ni se patout saw tande ki verite (noon) Leogane Delmas
Se pa tout saw wè a de jew ki vrè (Wendyyy)
Arete jeneralize

(Wendy)
Bondye voye nèg la sou tè kòm gason
Li menm li met stil nan boudal olyel met kalson
M pa feel nèg sa yo tout fason
Tout sa poum diw ke se pa tout gason ki gason
Se pa tout fanm ki pa bon
Se pa tout tou ti fanm 12 ans ki pa fon
Eskizem menm di pawòl yo jan yo ye a
M pa nan sansire m se on underground loreya (for real)
Se pa tout moun kap mande ki pòv
Se pa tout moun ki marye ki lòv (eskew konprann)
Eskè on fanm ki gwòs 9 mwa ka dòmi sou fas
Eben se pa tout fanm ou w7 kanpe mariani ki sou bras
Se pa pou tout bèl fanm pouw fe tizè
Dèfwa bouch yo santi tankou manje dòmi ki pat nan frizè
Se pa tout piman ki pike
Se pa paskew preske rive pouw pansew pi pre
Se pa tout pastè ki magouyè
Se pa tout moun ki avèg ki mal pou wè
Se pa tout levanjil ki gen lafwa
Yo konn pase bondye nan betiz tou parfois
Se pa tout chen mechan ki abwa
Se pa tout dlo nan je ki pa jwa
Lòt la retel dil se best MC a la best m pa pè
Pale saw konnen tande se pa paskew gen moun dèyèw pouw pansew se best rapè (Wendyyy)

(CHORUS)

(Dug G)
Tout ayisyen pa patriyòt
Elèv la ka dènye li pa sòt
Nan kopye yo ka baw bon nòt
Kreyon pap ouvri tout pòt
Nan vi a nou tout ka pran kalòt
Tout rapè pap pran minòt
M renmen konnen men m pa tripòt
Men se pa zòt ke kap di nou met kapòt
Poutan  pitit yo ka peye yon kannòt
M pap bay fanm mwen nenpòt matlòt
Menm si pou mwen yo vle bay vòt
Ah an sa nèg a kòl yo di pa verite
Mwen konnen lè yo nan gwo pòs
lajan pral ligide (chak jou se konsa)
Se pa tout fanm ki diw “Je t’aime” pouw kwè
E lèw tonbe nan reyalite a
monchè ou ka fè kè (m pap baw manti)
Tou dayè rap pa vle di muzulman
Menm jan tou
tout nèg a bib yo pa vle di croyant
Sa pa tout lidè k ka prezidan
Menm tou tout nèg a kòl yo pa vle di bon jan
Matematik pa inivèsèl
menw bezwen l nan tout sa wap fè ki reyèl (ou mèt fèm konfyans)

(CHORUS)

(Wendy)
Tout moun se moun men tout moun pa menm
Nou gendwa gen menm aparans men nou pa menm
so! Arete met tout moun nan menm sak la
Se pa tout kochon ki ka viv nan menm pak la
Se pa betiz map di sou track la
Ouvè zorèy ou koute pawòl yo byen papa
E wap wè pa gen moun ki ka fè sam fè nan rap la
Lyrics kap fèw panse Se pa pran mikro voye kaka
Se pa tout gangan ki bat menm kat la
Ou wè paradi se pa tout moun ki fè peche ki pap la
Tande byen pouw wè sak la
Dèfwa moun y arete a se pa li kifè zak la
Si yo palew de rap Komèsyal m baw dwa ouvè gagann ou di yo m pat la
Paske m toujou rape sam viv sam wè sam resanti se pou sa yo relem traka
-->

Pawòl Mèsi ti cheri doudou de BIC ft Rutshelle Guillaume


(Rutshelle)
Ou kenben menm mwen kenbe kòm jodia m ka ekri lanmou
Mèsi ti cheri doudou
Depim kontrew m pa janm pou kòm jodia m se on fanm ki damou
Mèsi ti cheri doudou
Paranw dakò paranm dakò maryaj mete nou nan lavi
Mèsi ti cheri doudou
Devwam o pwòp sa vle di map rete avèk ou pou lavi
Mèsi ti cheri doudou

(BIC)
Pou m pa tonbe ou metem chita sou kèw an kalifouchon
Mèsi ti cheri doudou
Ou sonw modèl nan yon mond kote lanmou kale plichon
Mèsi ti cheri doudou
Ou tèlman byen potem sou do w m paka di m pile pwason
Mèsi ti cheri doudou
Mwen avèw nou simen lanmou kounya nap tann la moisson
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou

(Rutshelle)
Lèm te piti m tap chèche lanmou ki nan liv aleken (en)
Mèsi ti cheri doudou
M te panse ke moun New york te konn renmen ke moun aken (en en)
Mèsi ti cheri doudou
Kounya m vinn konprann ke 2 mèg pa fri se pawòl mesken (en, en, o, o)
Mèsi ti cheri doudou
Gen milyon dola ki gen mwens valè ke yon adoken (en, en, o, o)

(BIC)
Gen lanmou anba tant ki pi wo ke lanmou grate ciel
Gen lanmou pwa senkant ki pi lejè ke 50 sak sèl
Gen lanmou ki gen gwo gòj men kap mouri mò toufe
Gen vòlkan ki ka glase devan yon senp tizon dife
Gen lanmou salon gen lanmou chanm, lanmou chanmchanm
Gen lanmou chik gen lanmou chòk, lanmou chikchòk
Gen lanmou trip gen lanmou fuck
Gen lanmou solid gen lanmou kòk
Men lanmou ke ou fèm viv la se lanmou gwo liv

(Rutshelle) Mèsi pou jaden kèm ou rouze
(BIC) Mèsi paskem pa gen kè brize
(Rutshelle) Lanmouw fèm dekole kou yon fil ze
(BIC) Mèsi, (Rutshelle) Mèsi, (BIC)Mèsi, Mèsi,
(Rutshelle) Tizon dife
(BIC) Mèsi ti cheri doudou
Rutshelle an fe
Mèsi ti cheri doudou
Mèsi ti cheri doudou
Tizon dife Records
-->