Pawòl Prends bien soin d'elle de Baky ft Flav


(Yeah) Laviw ka klere menw pap twò indem si kèw limen
Ou ka posede krystal menl pap pwouve si kew limen
M t fè mal e se pa volontem ki fè li men
M blese yon anj kem te genyen
Tèlman m fèl mal m fè li men
M pat twò bon nèg menl te toujou kwè yon jou m te ka fè lonèl
M pat arive konblel e mwen pat janm ta ka fè bonèl
So li genw lòt mec
Nan paj pal lan istwam achure
But si misye bal tout sam pat bal
Kwèm vi pam asure
M pat bal tout tan l
M te plis nèg kap bri kèl kap brizel
M pat janm konn la pou li
Lè lap kouve m pat konn brizel
Men m pat konn gen dout
De twonperie jamè ou pap wè y akizel
Men tèlman m tap fèl soufri li te vle vole men a ki zèl
So l ret la
Bal lòv lap sèviw dra lèw frisone
Lap toujou la poul barew lè deception ta vle sone
E li pap fèw mal
E l pa style fanm toutan kap kesyone
So siw renmenl ak tout kèw pa ezite afektyone
E bal lòv

Ref (Flav)

(Baky) So m vle pouw pran swen l
Pa kite yon jou poul ta kriye
Bal tout afeksyon l mande se pa yon fanm pouw ta bliye
Li pa gen foli bòz
Foli tatoue tout kòl ak foli òz
Si yon jou ou ta bezwen
Li k pral dresew jouw ta pliye
Ou mèt kwèm si viw se dra blan se pa li k pral tachel
Lèl fache li pap janm montrew
Menw mèt kwèm ke kè l ap rache
Lap souri jis poul ka montrew ki a pap fini
Ke sil avèw ou pa lap toujou viv men vi a li pap feel li
So pran l’ pou lò
L’erreur laisse plus de vide qu’il apparait
Si regrè te konn fè mak m tap fè vim ak aparèy
Si lòv genw wayom si l sou tè sa fi sa pap pa reine
Ou ka gen 100 gen lòt nan viw men san li vi sa pap parèy
So kòm konsèy
Montrel kew toujou vle pouw plan trasel
Lap toujou vle dirigew menm sil konnenw pi gran pasel
Men siw te konnen
Se chak jouw levew tap anbrasel
Koz jouw pèdi yon fanm konsa nan viw
Ou pap janm ka ranplasel

(Flav)
Men sil ale se mwen ki lakoz
Sa pa vle kel pat goumen pou nou
Siw posedel se mwen ki lakoz
Prends bien soin d’elle
Siw wèl ale se mwen ki lakoz
Sa pa vle kel pat goumen pou nou
Siw posedel se mwen ki lakoz
Prends bien soin d’elle

-->

2 commentaires: