Pawòl 10 goud papye de Dug G

10 goud papye de Dug G
Dug G
Dug.G wi bos
Yo knaggz i got you
Rockfam baby, piwo records
Choral
m’ta vle pran yon aleken
mwen gen selman yon 10 goud papye
mwen fe yon jounen ap flannen
selman nan poch mwen 10goud papye
m’ta vle bay sak pa genyen
mwen pa gen plis ke 10 goud papye
pou pwoblem m’konnen m genyen
pa ka rezoud ak 10 goud papye

Verse 1
M’oblije leve bonè men fok mwen al brase
manmanm banm yon ti dejne menm si li pa ase
kounya nèg pa manje pou gou frèm se pou boure trip
lari a li fèt pou nou frè mwen e se ladann pou’n trip
apenn mwen kwaze yon bèl ladie abiye byen santi bon
adresem yon bèl souri epoutan se sou mwen l’fè fon
li pran taksi li bliye bous li l’pa ka peye
epoutan m gen 5 kilomèt pou’m fè a pye
li konnen aparans plis blòf egal rezistans
menm le m’fre m’byen kanpe vi a pou mwen se yon penitans
pa plis pa mwens nan pòch mwen 10 goud papye
ka’m tris se yon kriz mpa gen bouch pou’m pale

Choral

Verse 2
Mwen kontinye mache chèche vire tounen map fè piwèt
depim maten anyen poko tonbe mwen la ma’p fe jiwèt
dezòm mouye lapli kanmenn fòk gen youn ki pi mal
dezòd ki anndan vant mwen ou mèt kwèm pita li ka fatal
sou wout mwen m’kwaze anpil pòv kalvè pat blanch
mta byen renmen pataje men mkite lakay ap fè laplanch
se yon rezon ki fè mwen pa ka pran menm yon bann a pye
pa plis pa mwens nan pòch mwen 10goud papye
mwen ta byen renmen jwe yon bòlèt omwen m ta fè yon 3èm lo
poum te ka peye kèk dèt si’l pa soti map pran nan cho
si’m tante gwo mka pèdi tout mwen gen espwa janmè sou dout
depi maten m’sou may map fè flay mwen pa ka fè yon chout

Choral

Verse 3
poum ka jere stres mwen fè yon ide poum al tcheke yon ansyen fanm
nan zafè sèks san kapòt gwo lo a la ou mèt ret tann
mwen pat panse pou mwen ke l’te gen twa mwa gwos
le m’wè l’ap detaye mwen di talè m’al tcheke yon bòs
banm rive lakay Phenix poum eksplike l jan m’gen pwoblèm
li gen yon aritmetik epi nan men’m yon liv powèm
lèm preske rive nan zon lan mwen wè gen akwochay
se misye k’achte l’pa ka peye epi’l mande batay
mta byen renmen edel men mpa gen plis ke 10goud papye
e pandan ke’m ka peye’l se kriz sou kriz tèt sot l’ap kale
jounen’m mal planifye m’vole mpa jwenn ni poul ni pay
avan m’antre m’foure menm nan poch 10goud papye flay
kyèt mesye pouw di se misye’k t’a banm de dwèt sa,ok
respè pou tout nèg kap brase
nèg pòdpè, site lesko, nèg kamewoun, nèg delma, kafou ayopò
nèg channmas, laplèn, petyonvil, nèg kafou, kafou fèy
tout nèg geto, site solèy,bèlè
gran ravin, nèg matisan,e tout nèg little Ayiti
map di nou veye nou pa fè pesonn konfyans se mwen k’pou di’n sa’m pran



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Pawòl Jou m’ pa la de Dug.G ft GazzMan

Jou m' pa la de Dug. G ft Gazzman
Dug G
Si yon jou m’ pa ta la
pa bliye
Dug-G
Mwen vle pou tout moun an jeneral
aprann de nou
pou yo di sa k’ap vini yo
Gazzman
Si yon jou m’ pa ta la Duggy G
Pale tchovi yo pou mwen
Dug-G
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi a ke m’ ka reziste

Verse 1 (Dug-G)
Si yon jou m’ pa ta la se kisa ke y’ap panse de mwen
Ev mwen ap toujou la koman y’ap konsidere mwen
Bondye ban m’ fos ak kouraj pou m’ ka toujou goumen
Tolerans fe m’ vin’ saj e mwen kwe nan renmen
Ou menm k’ap fe zak sal eske w’ panse a demen
Le w’ f’on bagay ki mal se repitasyon w’ k’ap pokannen
Mizik mwen pote rekonfo pou tout sa k’ap soufri
Le w’ gen lapenn koute m’ se mwen k’ap fe w’ souri
Menm si mwen gen lespwa pou jenerasyon k’ap vini
Men le m’ pa la y’ap pale de mwen s’ap gen kom garanti
Yo gen pou yo we m’ tande m’ atrave sa m’ produi
Mwen ka mouri m’ pap antere senbo; pa janm peri
Ti neg Podpe sa ki bay yon lot mantalite
Li prouve ke neg ki an provens g’anpil kapasite
Malgre tout sa yo di sou do m’ m’ reziste
Vi m’ gen pou yon leson pou elev resite
Ekzanp pou tout sa k’ vle rive

Chorus
Si yon jou m’ pa ta la
Pa bliye eeee
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi an ke m’ ka reziste
si yon jou m’ pa ta la
Pa janm bliye eeee
Di yo pou mwen anko pa ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki ka fe w progrese

Verse 2
Si yon jou m’ pa ta la eske w’ konn sa yo pral di
Se le sa yo pral we enpotans Dug-G
E tou y’ap we l’ te yon G ki pat’ menm jan ak tout G
Men Pito li te we tout bagay gran nan lavi
Li te gen respe pou tout moun ke l’ gran ke l’ piti
Kwe nou tout ansanm fe youn pou yon pi bel Ayiti
Bondye kanpe bo tout sa k’ feb se yon filozofi
Si ou menm chwazi fe zev ou s’on moun ki beni
Le m’ pa la ev postim mwen m’ap kite kom testaman
Sa k’ap tande m’ yo aplike l’ se nou ki eritye l’
Li chanje tout vye mes pran sa pou medikaman
Avan w’ aji panse ak konsekans fok ou pa bliye
Paske chok an retou ka ba w’ dlo nan je
Mizik mwen pra l’ jwe nan tout sant reabilitasyon
Pou prouve w’ ke peyi m’ pa genyen sel problem manje
Men pa bliye pi gro problem lan se edikasyon

Chorus
Si yon jou m’ pa ta la
Pa bliye eeee
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi an ke m’ ka reziste
si yon jou m’ pa ta la
Pa janm bliye eeee
Di yo pou mwen anko pa ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki ka fe w progrese
Si yon jou m’ pa ta la Duggy G
Pale tchovi yo pou mwen
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi a ke m’ ka reziste
Men si yon jou m’ pa ta la
Pale zanfan yo pou mwen
Di yo pou mwen anko pa ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki ka fe w progrese

Outro
Gazzman koule
Disip
Duggy G
RockFam Baby
Pou Ayiti
An An
Peyi nou
DelmasFIA for life
(KENVE M’ SI W’ KAPAB)



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Pawòl koute kèm de Dug G ft Steeve Keed

Koute kem de Dug G ft Steeve Keed
Dug G
this is for the love of my life, girl (2)

Refren (2X) (Steeve Keed)
ak li m apwoche f’on ti pwoche koute
sam gen sou kè an mwen
li pa fòse ni l pa fose tout se
tout se lanmou an mwen

Verse I (Dug D)
men m’ kanpe nan jaden an cheri vin jwenn avèm
met ti ròb saten an sonje’l gen koule krèm
kou rivyè kap desann kèm louvri debatan
cheri mwen pa ka tann, men aji vit kou satan
mwen pral kidnape solèy la map fè l klere sèl pou nou
e m’pral plafonnen syèl la pou zanj yo pa rayi nou
vin gade lanmè kè m wap wè lanmou kap neye
pou ou map kraze bwat sekrèm montrew tandrès ke m sere
lèw souri zetwal yo ou touye tankou solèy kap leve
pou yon lòt jou kòmanse pou lavi mwen vle n rete soude
pou lanmou nou prezève sa se kè m kap pale
pye atè ak kikit ou soulye rèn ou toujou sanble
fanm cheve fèy kokoye jaden ou m’vle sekle
lè lapli ap tonbe nan kou ou map kroke
menm si vil la t’a inonde pi bèl byen m’ap rete

Verse II (Steeve Keed)
menm jan tout san’m sikile tout kote
konsa m’anvi
fè tout kòw tout nanm silpiye’m tout kote
pouw dim konsa ou anvi m
girl, tout veso m pare
pou tann sa kap tonbe
e tout venn detire
atè lonje pou ou bebe
se yon batman yon pilsyon
yon pasyon emosyon
pa koute egri an aksyon
mwen gen yon misyon
pou ou bebe

Verse III (Dug G)
Mwen renmenw depi lavil rive nan pi gwo mòn lan
yo mèt dim enbesil pou pitit mwen yo se ou kap manman
Mwen wè devan pot lanmou gen anpil moun pòv
chak jou yap lonje bòl yo dèyè yon degouden love
menm lè tout moun ap di li se saw pa ka konprann
Fanm sa pran tout sa yo di yon lòt vizyon li banm
Chak fwa mkanpe devanw kèm prèt poul eksploze
Ou se sèl grenn chedèv anm
Mwen pral metew nan yon mize
nan kèm ou va ekspoze map kachew jouk anndanm
nap fè yon melanj omojèn menm ADN menm jèn
Ou se tout sa mbezwen avèw mwen pa manke anyen
Ou met lajwa lè gen lapenn mwen se poumon ou se oksijen
Mwen ka sispann respire O2 ap toujou egziste
Se sel istwa ke Shakespeare pa t’ap janm enspire
Si Romeo, Juliette te la se ak nou yo t’ap aspire
Gade kijan mwen menm avew lanmou nou ape gaspiye.

Refren



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Pawòl Lajan fasil (Lavi difisil) de Dug.G ft Fenix

Lajan fasil (lavi difisil) de Dug G ft Fenix
Dug G
kòman l rele kòman m ka di l
li se 4e nan 8 timoun ki nan fanmi l
li te twò grandi pou laj li pi mal nan antouraj li
e menm nan mitan kamarad li
mizè se pi gwo pwoblèm fanmi l
lajan se te premye obstak avni l
malgre li tap viv nan yon zòn rekile
li te jwenn kontak poul te genyen tout sa kel dezire
konnya li vin ap jwi lavi l pran plezi li
woule gwo mak machin dènye kri
san pran tan li gen yon lòt idantite
sak te konn imilye l konnya ap rele l mesye
se t’on 3hr di maten aprè yon farinay lapli
li tap separe yon bitin aprè li pral pèdi lavi
enfant cheri avèk 4 bal nan do
mouri akoz de yon sèl yon sinp kilo

Refren
chimen lajan pa gen pikan
avan tou fòk ou pran tan fòk pridan
tout moun demele w janw konnen
ou meten t’on grenn pwomennen
wa konnen wap konsyans a ou ki konnen

Verse II (Phoenix)
li pap gen plis ke 20tan
fanmi l tap tann depi un an
yon jenn gason galan,chaman men f`ò’l rich an menm tan
tout sa ki tap koze tout sa l te propoze
paran l pat aksepte yo fè yo mechanste
manman l te kwè nan choz materyel pou manzèl
majorite nan nèg yo se te jenn entelektyèl
yon bon dimanch yon patnè
prezante byen chèlbè
abiye tout de blan sou yon vwati de luxe new one
manman te twò kontan misye fenk sot vizite San Juan
san pèdi tan paran l te gentan propoze mariaj
se bèl vi, lavi manmzèl te gentan nan yon lòt paj
apenn 6 mwa grosès
l’arterielle tens s’abaisse
sitiyasyon fragil
pa ka rete trankil
men rezilta tès yo se te VIH
nan kè l tankou yon kout rach

Refren

Verse III (Dug G)
pafwa pou fè lajan pou yon lòt sa twò fasil
poutan lavi toujou rete difisil
chak jou gen sa kap boxe ak lavi a
fòk ou goumen pouw ka manje nan lari a
fòk ou mache cheche pouw ka twouve
souvan mache chèche se pousyè yo soupe
pou fè lajan fòk ou gen yon bi ou fiske
siw pa vle redi pouwfèl oubyen ou riske

Verse IV (Phoenix)
wa konnen wap konsyans a ou ki konnen
lajan fèt pou itilize l men pa twò renmen l
li s’on bon sèvitè li s’on bèl resèt
li s’on move m`et e li se pi gwo trèt
nan fason ou ka gen lajan tankou w fè premye lo
men atann konsa li ka vini komm pi gwo fado
mwen pito rete nan bat dlo poum fè bè
men ak konsyans mwen map toujou anpè



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production