Pawòl Rockfam pou lavi de Rockfam ft Jay-Z

RF feat Jay-z
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Map pase Rockfam afiche okap m pat ka ale
Se yon ti chèn ajan manmanm te fèm kado m te al plane
Mwen konsyan ke mwen eksè
Se mwen k wè efè Rockfam fè sou mwen yo
Yo met di m fè tet mwen mal wi m fè eksprè
Mwen te gen mezi kob kat la monnen an pou byè ak sigarèt
Rive devan baryè met men nan pòch tout kòb la disparèt
Yon bon zanmi vin banm yon fo kat nan rakèt
Pou pogram sa lapolis devorem anba chaplèt.
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizaj
Nou di ke nou se rockfan e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi
Kanpe bis lan pou mwen chofè tanpri souple
Ouvè vit lan atis avèk nou mwen anvi pale
Mwen konen nou prese mesye banm de minit nan tan nou
Mwen just vle fè nou konen gen moun Nòdwès ki renmen nou
Rockfam pa dwe gen pwoblèm sil ta wè yo mal akeyil
Paske n deja konen pwofèt pa janm pwofèt nan peyil
Sak fè jodi a kòm nèg Pòdpè m santi mwen fyè
Se paske Rockfam Lame se fyète Pòdepè
Elyona lotrejou m pat ka jwenn ou m te kite mesaj pou ou
Sa fè lontan m anvi nou dyaloge di nou kijan mwen fou pou nou
Franchman m ta renmen wè m abite bò kot nan vil
Demenaje nan blòk mwen fè pakèt mwen depi gonayiv
Mwen atire e opsede de tout travay nap fè
Menm lè yo vin oze mandem batay m pa pè
Lit nou angaje ladanl lan m konen l pa piti
Kanmèm fok nou rekonpanse menm lè se isi
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizag
Nou di ke nou se rockfam e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi
Mwen santim se yon nan fan ki plis malad rockfamily
An pasan m abite potoprens nan BPC
Se mwenk pou di nou jan map pote chay gwoup la sou dom
Nan figi yo mouchwa nwa rockfam tatouwe sou pom
Pafwa nan jounen an m konn leve m pa gen yon santim
Se wikenn rockfam ap jwe yo mwenk pou din kijanm santim
Lèn kraze klèb ak festival yo m santi mwen wa
Yon fan tankoum pap janm konvèti map rete mafia
Yo Atròs man, ou pa konenm byen se mwenk konenw man
Mwen vlew konprann mwen, m deside relew poum fèw konen
Kisa nou reprezante pou mwen antanke fan
Piga nou devye pansen mwen m se neg Miragwam
Mwen vle poun toujou rete soude poun pa janm dekouraje
Poun pale lè poun pale pa kite moral bese
M pa kwè nou konn konbyen moun jodi pa demen ede
an gwo nou fèm fyè de nou m swete n pa sispann reve
Mwen sonw fanatik rockfam kap viv SenMak
M pap ban manti sou mwen nou fè nou fè anpil enpak
Sa ki egrim sa ki rayim
Men grasadye mizik Rockfam yo soutnim
Bo lakay mwen m pa janm gen repo
Se sak fe zanmim yo banm do
Mwen gen inoubliyab e endiferans
Pou bay la vim plis sans
Oooo, rockafam geri maladi
Ou se limyè ki klere vim anba je tout ènmi
Oooo, rockfam geri maladi
Ou se limyè ki klere vim anba je tout ènmi
M se fanatik Rickfam kap viv nan vil Okay
Pasyonm pou ou fin ogmante aprè tout travay
Se mwen k tap diw nou pa konen
Se mwenk tap viv tout sam konnen
Pou zafè rockfam sa m toujou pre pou mwen goumen
M pat janm bow do malgre bolgotay difikilte m pasa kitew
Yap tann se lèw pa la se la sa yap vin onerew
M renmen rockfam paske apresye talan
Em pap janm trayi poulajan
Masta Precha, m se Klayn yon fan Jeremi k nan prizon
Depim aprem fin kondame lame a pou mwen sonw gidon
Chak fwa m vle tiye tet mwen m chanje opiniyon
Tande mizik nou ak pasyon ki banm yonlot vizyon
Nou fem wè nan la vi ke tout bagay ka chanje
E koul fè nwè nan la vi se lè sa ou pral delivre
Map kenbe la m pap moli ke nenpot sak ta rive
Rocfam ini pou la vi nan kem nan toujou grave
Pa gen sak sot nan bouch mwen ke mwen paka pwouve
Sonw fran mafia kwem san dout man bout mwen pap ka trouve
Jis Bouklin wi m stil fanatik RockFam pou la vi
Toujou klin wi mouchwa nwam toujou pandye tou lè nui
Wap di m avèg m avèk li nan bon tan kou move tan
M santim ap bed Fockfam paske sonw gwoup ki konpetan
Sak pansem ta pral aji tankou Jida k trayi Jezi
Kom siw ta di m rayi bon rap m rayi bon flo m rayi bon plezi.
Nou di apre bondye se ladanl nou tout kwè
Siw vle afwontel gen travay pouw fè
Malgre bòlkotaj, derapaj, reprizag
Nou di ke nou se rockfam e nou toujou fyè
Wi nou kwè nan li nou konte sou li
Rockfam pou la vi
Nap goumen pou li menm mouri pou li
Rockfam pou la vi




Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production
 




-->Klike anba pou tande mizik la

1 commentaire:

  1. Bonjou,
    Èske ou ap chache yon konpayi kredite prive ak akredite prive ki prete yon opòtinite lavi-long? Nou bay tout kalite prè nan yon fason trè vit ak pi fasil, prè pèsonèl, prè machin, prè kay, prè elèv, prè biznis, prè envestisman, konsolidasyon dèt, ak plis ankò. Èske ou te refize pa bank yo ak lòt enstitisyon finansye? Ou bezwen yon konsolidasyon oswa prè ipotèk? Gade pa gen plis kòm nou gen isit la fè tout pwoblèm finansye ou yon bagay nan tan lontan an. Nou ofri prete lajan ki soti nan 5000 dola a 50 milyon dola nan pousantaj trè wo enterè prè nan 2%. Kontakte nou jodi a via e-mail nou an kounye a epi nou pral kontan fè pwoblèm finansye ou ak bagay sa yo sot pase yo, Pa gen chèk kredi ki nesesè yo, 100% garanti.
    Imèl nou: (albakerloanfirm@gmail.com).

    RépondreSupprimer