Pawòl Biyografi mwen de Wanito

Biyografi mwen poster
An an
Men pouki pouki tout moun vle konnen
Ki kote mwen soti byographi mwen
Nou pa bezwen pase pa 4 chemen,
Men mwen sou track sa nou tout pral konnen
Mwen fèt Jeremi nan bwa andeyò
Mwen pa pot siyati papam mwen se pitit deyò
Manmanm malerèz m pa bezwen garde du corps
Mwen mache a tout lè paskem konnen bondye pi  fò
Se vre nan lekòl mwen pat janm premye
Ak yon mwayèn 5 tou won kanmenm map monte (e  e)
Gras a Dye m fè tout klas mwen nan lise
Gwo kolèj pil lajan mwen pat ka frekante

M vlew konprann sa
M vlew konprann sa (ou o o)
Avèk yon bwa gita m ka fè lemond antye koprann sa
M vlew konprann sa
M vlew konprann sa (ou o o)
Avèk yon bwa gita m ka fè lemond antye koprann sa
An.an an .an sa se wanito
An.an an.an biyographi mwen

Men pouki pouki tout mwen vle konnen
Ki kote mwen soti byografi mwen
Yap pozem kesyon vle konn pase mwen
Eksperyans ki te make lavi mwen
Mwen fèt Jeremi nan bwa andeyò
Mwen pa pot signati papam mwen se pitit deyò
Manmanm malerèz m pa bezwen garde du corps
Mwen mache a tout lè paskem konnen bondye pi  fò
Nan ane 88 mwen fèt tande
M potko menm gen mwa manmanm sevrem tande (e e)
Li te gonw kote lap degaje
Si li pa al fè job la lap revoke
Li toujou kitem nan pye vwazìn nan
Men 2 pafwa lèl twò prese
Li bliyem nan chanm nan
Pat gen mwayen
Pou te peye bòn non
Bagay vinn koz map drive nan tout zòn nan
Komanse grandi li voyem lekòl ka madan Loulou
Dam ki konn vinn chache nan podyab li se boubou
Chevem konn gwo manmanm rale sizo li fèl
Li ban mwen tchas krochi
Li pa bay moun dwa pale nan zafèl
Li met prensip sou mwen
Lèm pa aplike li vide kou sou mwen
Li fèm konn gou bouch mwen
Lèl gen lajan li fè bon manje pou mwen
M te genw zanmim ki genw gita
Se lakay li m te konn chita
Map chante maten midi swa
Jiskaske m vinn pran level sa (ou tande)

An.an an.an  sa se wanito
An.an an.an byografi mwen
Kèt kèt kèt m kraze sa
Jwe nan tout fèt sa
M kraze sa
Nan kou de ratrapaj nan lise petyonvil
M ouvè yon paj mizik m fè tout medam yo feel mwen
M vinn gen popilarite
Jwenn moun ki konn apresye
Nan tout lari map tande
Mizik mwen yap fredone
Nan bouch timoun
Granm jen moun
E menm nan bouch vwazìn foufoun yape chante
An.an an.an (sa se pasem)
Sa se Wanito (bagay m pap janm bliye nan lavim)
An. An. An. An Byografi mwen
An an. An.an Sa se Wanito
An.an an.an Byografi mwen  

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire