![]() |
Dug G |
m wè
nan peyi a vye frè gen anpil nan nou ki pa kapab
eske se
dirijan oubyen se komèsan ki koupab
si ayisyen te gen zèl pifo tap
vole ale lwen
paske
pa gen mwayen
Verse I
(Dug G)
chak jou nap di pèp la bezwen
edikasyon
nou chita nap plenyen nou pa
janm fè okenn aksyon
se toujou menm pwoblèm nan pa
janm gen solisyon
peyi a
livre a yo menm nan yon movèz kondisyon
se youn
nan rezon ki fè anpil jenn dejwe
se lenstriksyon frèm ki fèm pa
gentan devye
manmanm fyè de mwen dèske li
menm pa echwe
se swiv konsèy granmoun e m pa
janm mache tèt bese
kwak nou gen kouraj nou pa ka
jwenn travay
men se byen domaj nou siyen
poun pase tray
sak
pakab yo deside yo fòk yo pati
men sak
rezinye yo san mwayen yo kwè nan avni
Refren
Verse II (Dug G)
nou mèt fè vi nou nap manifeste
pèsonn pap di anyen
lè peyi an cho biznis ap boule
se dan yo yap griyen
yo kòz jenn edityan bliye kiyès
yo ye
chak jou yo fas ak lapolis vi
yo tout andanje
dirijan yo ap fè tenten yo kwè
yo enbatab
tout sa yap fè se pou dola pèp
la pa menm ka jwenn yon ribab
pwojè yo se miltiplye nèg avèk
zam
chak jou nou leve nan peyi sa
sa nap wè selman se dram
sa konn lakoz menm moun ki
pwòch yo viktim
ayiti se reyalite sa nap gade
nan film
se grangou ki fè lou soti nan
bwa
se rezon sa tou ki fè gen nèg
ghetto ki hors la loi
Refren
(Jimmy Ruff)
Verse
III (Jimmy Ruff)
Jah
give us force inna fight
paske ayisyen nan batay
anpil se tèt yo yap defann
nou toujou viktim de koudeta
ti pèp sa ka pase traka
men jis ki lè sa va sispann
gen plis pwoblèm pou ti jenn ki
nan geto
pa gen pesonn ki pou lonje
lamen ba yo
se yo k toujou sible
e ki pa gen mwayen pou pwpteste
non
Haiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire