Pawòl Men vibe la de Dug.G

Men vibe la de Dug G
Dug G
Haiti need your help, click to see how you can contribute!


Pa gen jou mwen pa leve poum pa remesye God
Voye respe pou fanatik kap still sipote Dug
Menm lem konnen travay la di tet poze m’ap ret’ pozitif
E m konnen m pa gen dwa koube paske map panes pou bon biznis
Nan game nan m toujou shine limye pa klere anba tab
Tout sa k’ rayi m yo met pale yo konnen m enbatab
Mwen pa janm fe plan ki mal trase
Se sa k’ fe m’ pa etone le m we ke rap kreyol ap depase
Premye woch la la m te poze l avek anpil kouraj
Kounyeya gen rap twofe sa pwouve l chanje paj
M’pran sanm poum medite le nonm ap plede site
M’pran tanm poum etidye e strateji m byen revise

Chorus
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Mwen k’ te wou m tap fe silans
Paske m toujou tet fret
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Ou pa we janm refe game nan
Tankou ti bebe k’ fek fet

II
Men vibe la kiyes sa mwen mwen mwen menm anko
Nan klas sa ou konn sa pa palem de pi fo
Nan plas sa pa kwe sa mwen pap janmen chanje bo
Menm veb la ki vin san ranfo pou f el pi bel anko
Channmas la Rockfam lame-a te pwouve li
Epate tout tandans ret nan tet yo kou makaveli
Sa k’ al cheche ranfo yo konnen yo pa ka make li
M’ pa gen foli bandi paske m’ legal tankou Mately
Mwen son neg mon pou lavi mwen fye poum di li
M’ pa gen lontan depi m’ap viv isi si m’ diw ou pap kwe li
Mantalite sa k’ fe m sa m ye jounen jodi a
Yon lot vi’zion, saw pa ka konprann still Gloria
Chorus
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Mwen k’ te wou m tap fe silans
Paske m toujou tet fret
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Ou pa we janm refe game nan
Tankou ti bebe k’ fek fet

III
M’aprann viv ak sa m’ genyen pou m’ pa regret demen
Mwen respekte tet mwen m’ pap janm manyen sa k’pa pou mwen
Malgre m’ nan yon batay san fen mwen konnen m pap travay an ven
Misyon m’ se fe sa ki byen
Mouchwa nwa fe yo we mouv man nan yon lot ang
Le m’ di delmas F.I.A.se pa paske m gen foli gang
Se delmas Force Intellect Avisee
Nou gen pouvwa poun devye w si se nou kew vize
Yo bliye kijan mouvman sa te rekomanse
Nou ouvri pot pou tout sa ki bezwen avanse
Sa pa gadem si se pa nou kew prefere
Malgre boycott pa gen obstak nou pa ka traverse
Chorus
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Mwen k’ te wou m tap fe silans
Paske m toujou tet fret
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Men vibe la kiyes sa
Mwen mwen mwen menm anko
Ou pa we janm refe game nan
Tankou ti bebe k’ fek fet



Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire