![]() |
Dug G |
Si yon jou m’ pa ta la
pa bliye
Dug-G
Mwen vle pou tout moun an
jeneral
aprann de nou
pou yo di sa k’ap vini yo
Gazzman
Si yon jou m’ pa ta la Duggy G
Pale tchovi yo pou mwen
Dug-G
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe
nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi a ke m’ ka
reziste
Verse 1 (Dug-G)
Si yon jou m’ pa ta la se kisa
ke y’ap panse de mwen
Ev mwen ap toujou la koman y’ap
konsidere mwen
Bondye ban m’ fos ak kouraj pou
m’ ka toujou goumen
Tolerans
fe m’ vin’ saj e mwen kwe nan renmen
Ou menm k’ap fe zak sal eske w’
panse a demen
Le w’ f’on bagay ki mal se
repitasyon w’ k’ap pokannen
Mizik mwen pote rekonfo pou
tout sa k’ap soufri
Le w’ gen lapenn koute m’ se
mwen k’ap fe w’ souri
Menm si mwen gen lespwa pou
jenerasyon k’ap vini
Men le m’ pa la y’ap pale de
mwen s’ap gen kom garanti
Yo gen pou yo we m’ tande m’
atrave sa m’ produi
Mwen ka mouri m’ pap antere
senbo; pa janm peri
Ti neg
Podpe sa ki bay yon lot mantalite
Li prouve ke neg ki an provens
g’anpil kapasite
Malgre tout sa yo di sou do m’
m’ reziste
Vi m’ gen pou yon leson pou
elev resite
Ekzanp pou tout sa k’ vle rive
Chorus
Si yon jou m’ pa ta la
Pa bliye eeee
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe
nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi an ke m’ ka
reziste
si yon jou m’ pa ta la
Pa janm bliye eeee
Di yo pou mwen anko pa
ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki
ka fe w progrese
Verse 2
Si yon jou m’ pa ta la eske w’
konn sa yo pral di
Se le sa yo pral we enpotans
Dug-G
E tou
y’ap we l’ te yon G ki pat’ menm jan ak tout G
Men Pito
li te we tout bagay gran nan lavi
Li te gen respe pou tout moun
ke l’ gran ke l’ piti
Kwe nou tout ansanm fe youn pou
yon pi bel Ayiti
Bondye kanpe bo tout sa k’ feb
se yon filozofi
Si ou menm chwazi fe zev ou
s’on moun ki beni
Le m’ pa la ev postim mwen m’ap
kite kom testaman
Sa k’ap tande m’ yo aplike l’
se nou ki eritye l’
Li chanje tout vye mes pran sa
pou medikaman
Avan w’ aji panse ak konsekans
fok ou pa bliye
Paske chok an retou ka ba w’
dlo nan je
Mizik mwen pra l’ jwe nan tout
sant reabilitasyon
Pou prouve w’ ke peyi m’ pa
genyen sel problem manje
Men pa
bliye pi gro problem lan se edikasyon
Chorus
Si yon jou m’ pa ta la
Pa bliye eeee
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe
nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi an ke m’ ka
reziste
si yon jou m’ pa ta la
Pa janm bliye eeee
Di yo pou mwen anko pa
ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki
ka fe w progrese
Si yon jou m’ pa ta la Duggy G
Pale tchovi yo pou mwen
Di sa k’ap vini yo ke m’ te kwe
nan pozitivite nan inite
Se sa k’ fe jodi a ke m’ ka reziste
Men si yon jou m’ pa ta la
Pale zanfan yo pou mwen
Di yo pou mwen anko pa
ankouraje mediokrite
Travay ak diyite se de rezon ki
ka fe w progrese
Outro
Gazzman
koule
Disip
Duggy G
RockFam
Baby
Pou
Ayiti
An An
Peyi
nou
DelmasFIA
for life
(KENVE
M’ SI W’ KAPAB)Haiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire