Dug G |
kòman l
rele kòman m ka di l
li se 4e nan 8 timoun ki nan
fanmi l
li te twò grandi pou laj li pi
mal nan antouraj li
e menm nan mitan kamarad li
mizè se pi gwo pwoblèm fanmi l
lajan se te premye obstak avni
l
malgre li tap viv nan yon zòn
rekile
li te jwenn kontak poul te
genyen tout sa kel dezire
konnya li vin ap jwi lavi l
pran plezi li
woule
gwo mak machin dènye kri
san
pran tan li gen yon lòt idantite
sak te konn imilye l konnya ap
rele l mesye
se t’on 3hr di maten aprè yon
farinay lapli
li tap separe yon bitin aprè li
pral pèdi lavi
enfant cheri avèk 4 bal nan do
mouri akoz de yon sèl yon sinp
kilo
Refren
chimen
lajan pa gen pikan
avan
tou fòk ou pran tan fòk pridan
tout
moun demele w janw konnen
ou
meten t’on grenn pwomennen
wa konnen wap konsyans a ou ki
konnen
Verse
II (Phoenix)
li pap
gen plis ke 20tan
fanmi l tap tann depi un an
yon
jenn gason galan,chaman men f`ò’l rich an menm tan
tout sa ki tap koze tout sa l
te propoze
paran l
pat aksepte yo fè yo mechanste
manman l te kwè nan choz
materyel pou manzèl
majorite nan nèg yo se te jenn
entelektyèl
yon bon dimanch yon patnè
prezante byen chèlbè
abiye tout de blan sou yon
vwati de luxe new one
manman te twò kontan misye fenk
sot vizite San Juan
san pèdi tan paran l te gentan
propoze mariaj
se bèl vi, lavi manmzèl te
gentan nan yon lòt paj
apenn 6 mwa grosès
l’arterielle tens s’abaisse
sitiyasyon fragil
pa ka rete trankil
men rezilta tès yo se te VIH
nan kè
l tankou yon kout rach
Refren
Verse
III (Dug G)
pafwa pou fè lajan pou yon lòt
sa twò fasil
poutan lavi toujou rete difisil
chak jou gen sa kap boxe ak
lavi a
fòk ou goumen pouw ka manje nan
lari a
fòk ou mache cheche pouw ka
twouve
souvan mache chèche se pousyè
yo soupe
pou fè lajan fòk ou gen yon bi
ou fiske
siw pa vle redi pouwfèl oubyen
ou riske
Verse IV (Phoenix)
wa konnen wap konsyans a ou ki
konnen
lajan
fèt pou itilize l men pa twò renmen l
li s’on bon sèvitè li s’on bèl
resèt
li s’on move m`et e li se pi
gwo trèt
nan fason ou ka gen lajan
tankou w fè premye lo
men atann konsa li ka vini komm
pi gwo fado
mwen
pito rete nan bat dlo poum fè bè
men ak
konsyans mwen map toujou anpèHaiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire