![]() |
Dug G |
Yeah blood you know me
I’m sorry we are them
Pa gen jwèt ankò Master Luck and Dug G
Refren (Master Luck)
leve tèt ou anlè gade wa wè kilè li ye siw
pa fè flay l
se pa moman pou rechinia ap fe
gogay
pa gen jwèt ankò se taktik kwè
nan travay
se yon lòt nivo nou piwo mitan
poto nou pa gen fay
rasin nou gen pwofondè se yon
eritaj
san pè san krent nap goumen kif kif do n
laj
bless frèm ou pap sa aba
badinay
Verse I (Dug G)
anpil nèg konfonn matirite avèk
figi plen bab
se pa jwèt kap fèt menm lè l
kat sou tab
anpil bouch koule bave lè yo
tande vibe la
gen sak panse se te yon ti egare men lap
ba yo traka
ultimage vin ranfòse anpil moun
boulvèse
anpil kòb depanse pou Piwo
Records ka avanse
menm lè se mwen ta diw vini fòk
ou pa pwoche
men nèg kap baw chalè se menw
li vle pran met nan dife
Dug G se yon etwal moman
pam pou mwen briye
tankou sen katedral sou de
jenou yo vin priye
jwèt se jwèt frem kwochèt pa
ladan l
baton ‘k nan men m nan chen pap
kole dan l
m fann ou nan kann nan dekoupe
ou nan bannan nan
se rap m konnen fè men se li
menm ki nan san’m nan
nèg we nèg, nèg pa sible nèg
nèg pa konn nèg m wè nèg vle jwe ak nèg
Refren
Verse II (Master Luck)
vav yo plen fit nan biznis lan gen twòp fo
mamit
pil tipil pou nèg yo ap grenpe l vay ke
vay
dekal l vit resèt pla mizik an
nou pi byen kwit
anba gonbo cho saw pran se yon lòt bagay
konnya se laj kap antre podjab
ti frèm pa gen jwèt
pou diveti tout djo kanèl fòk
ou kraze brenn nan
tanperaman nou chanje avni
vieyes pa bliye
rekonèt sa konsole l frèm pou
pwoteje benn nan
poze pelen lè’m pa baw tan pou
brode
m fè move map file tankou se
yon moto trèl
ploye w fwelikè se plezim
sou track
pa janm oze ni boze tankou
Master Luck siw tap anvi fè l
wè l bèl tande a ki fasil men
pou fè l
mizik se pa voye ti jwèt mawèl
entèl entèl malgre obstak
sitiyasyon an pèkmèl
nou gen kwayans fòk nou triyonfe
avè l
Verse III (Dug G)
pa gen jwèt ankò,ankò se
repwòch bat pouw pa antò
siw vle vin fò se kwè nan
travay pouw ka vin miyò
si w wè map bat rekò pa egri sa
se priyè fò
avèk stylo d’or siw vle
tankou’m fòk ou priye fò
konnya chak sam lage se dega
plis seza
pa gen komparezon se yon mank dega gran
eka
yon match kabrit anba bèf Masta avèk Dug
la
nou fè lpou tout G guy casa
nova ak tout mafia
konnya sak te lwenm vin pre
mwen
menm nèg ki pat vle wè m yo
tout ap vin kore mwen
biznis lan ap byen mache tout fanm
anvi goute mwen
level mwen depasew konnya wap imite mwen
pandan yap ranse map travay
poum avanse
m toujou nan studio a pou mwen
ap panse
pou m pote nouvote bagay yo
poko janm tande
priyèw pap ekzose si se mwen ou
ta renmen wè kanpeHaiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire