![]() |
Dug G |
this is
for the love of my life, girl (2)
Refren
(2X) (Steeve Keed)
ak li m apwoche f’on ti pwoche
koute
sam gen
sou kè an mwen
li pa fòse ni l pa fose tout se
tout se lanmou an mwen
Verse I (Dug D)
men m’
kanpe nan jaden an cheri vin jwenn avèm
met ti
ròb saten an sonje’l gen koule krèm
kou rivyè kap desann kèm louvri
debatan
cheri mwen pa ka tann, men aji
vit kou satan
mwen pral kidnape solèy la map
fè l klere sèl pou nou
e m’pral plafonnen syèl la pou
zanj yo pa rayi nou
vin gade lanmè kè m wap wè
lanmou kap neye
pou ou map kraze bwat sekrèm
montrew tandrès ke m sere
lèw souri zetwal yo ou touye
tankou solèy kap leve
pou yon lòt jou kòmanse pou
lavi mwen vle n rete soude
pou lanmou nou prezève sa se kè
m kap pale
pye atè ak kikit ou soulye rèn
ou toujou sanble
fanm cheve fèy kokoye jaden ou
m’vle sekle
lè lapli ap tonbe nan kou ou
map kroke
menm si vil la t’a inonde pi
bèl byen m’ap rete
Verse
II (Steeve Keed)
menm jan tout san’m sikile tout
kote
konsa m’anvi
fè tout kòw tout nanm silpiye’m
tout kote
pouw dim konsa ou anvi m
girl, tout veso m pare
pou tann sa kap tonbe
e tout venn detire
atè lonje pou ou bebe
se yon
batman yon pilsyon
yon
pasyon emosyon
pa
koute egri an aksyon
mwen
gen yon misyon
pou ou bebe
Verse III (Dug G)
Mwen
renmenw depi lavil rive nan pi gwo mòn lan
yo mèt dim enbesil pou pitit
mwen yo se ou kap manman
Mwen wè
devan pot lanmou gen anpil moun pòv
chak
jou yap lonje bòl yo dèyè yon degouden love
menm lè tout moun ap di li se
saw pa ka konprann
Fanm sa pran tout sa yo di yon
lòt vizyon li banm
Chak fwa mkanpe devanw kèm prèt
poul eksploze
Ou se sèl grenn chedèv anm
Mwen
pral metew nan yon mize
nan kèm
ou va ekspoze map kachew jouk anndanm
nap fè
yon melanj omojèn menm ADN menm jèn
Ou se tout sa mbezwen avèw mwen
pa manke anyen
Ou met lajwa lè gen lapenn mwen
se poumon ou se oksijen
Mwen ka sispann respire O2 ap
toujou egziste
Se sel
istwa ke Shakespeare pa t’ap janm enspire
Si Romeo, Juliette te la se ak
nou yo t’ap aspire
Gade
kijan mwen menm avew lanmou nou ape gaspiye.
Haiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire