![]() |
Dug G |
M’konnen sa map cheche a pa
fasil
men m’vle kontinye eseye toujou.
REFREN
tankou manman’m m’bezwen yon fanm
yon fanm ki sanble avèl
tankou manman’m m’bezwen yon fanm
poum tankou papa’m avè’l
tankou manman’m m’bezwen yon fanm
yon fanm m’konnen ki gen fyèl
tankou manman’m m’bezwen yon fanm
yon fanm ki trè natirèl
Verse I
Manman m’vle yon fanm tankou’w fanm m’ap
pran an fòk li nan gou’w
fòk se yon fanm ki gen kouraj epi k’ap
debat ak raj
ki p’ap pè chache travay menm
lè se nan yon faktori
ki p’ap kite’m vay ke vay
kanmenm m’ap gen yon pakoti
fanm kap banm valè ki pap bay
lòt moun goute’l
fanm k’ap goumen ak mizè san’l
pa pèdi diyite’l
m’bezwen yon fanm kou manmanm
fanm k’ap fè pitit mwen fyè
se pa fanm kap poste anndan
chanm ni nan flannen dèyè barye
yon fanm menm si’l limena men ki pa nan
zen makrèl
fanm si l’al sinema se mari’l
pouw we avel
fanm ki respekte tout moun e ki
pa pè pesonn
se pa sèlman fè bèl moun fòk
bote ak kalite konfonn
Verse II
Kou manman’m m’bezwen yon fanm si’m nan
prizon ki ka ede’m
ki ka blame’m ke’m gen tò oubyen ke’m gen
rezon
kou manman’m m’bezwen yon fanm
ki pap imilye’m si’m t’a malad oubyen razè
si’m revoke oubyen ke’m nan mizè
fok fanm m’ap pran an l’gen pasyans pou’l
tann yon pi bon jou
se pa yon fanm ki san konsyans ni kap fèm
fè joujou
kou manman m fòk li gen
afeksyon nan bon ni move tan
se pa fanm si’m rate yon
okazyon k’ap chanje’m nan dezyèm mitan
m’bezwen yon fanm plen kalite marye avèk bote
yon byen kalkile byen konte ki ka antre
tout kote
m’bezwen yon fanm ki pap fèm wont devan
lasosyete
ki pap veye’m tankou mont e
mwen renmen libète
Verse III
M’bezwen yon fanm ki pa gen
twòp repwòch m’konnen lòm pa pafè
pou kè’l pa di tankou wòch fanm
ak de men Bondye fè
madanm pa’m lan dwe yon egzanp
pou tout fanm bò lakay
tankou anpoul tankou lanp limyè
pou’l ye pou kay
ak fanm mwen pral remarye a fòl merite sa
se pa fanm kap fè’m pran kriz
la tout bon m’ta swete sa
fason m’pale gen moun ki di
genlè ke’m pèdi tèt
m’bezwen yon fanm ki pa pè redi
di kou manman’m Margarette
sa map di la yo pa vle di ke’m
vle yon fanm san defo
men m’ap redi pou’l gen plis
vrè pase kote ki fo
m’bezwen yon fanm lè’m an danje ki kapab
kenbe men’m
pou’m soti k’ap edem naje m’ap renme’l
l’ap renmen’m
Outro
Margarette m’renmenw anpil
ou banm anpil bon egzanp, e’m
fye de ou
I love you manHaiti need your help, click to see how!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire