Pawòl Dekole de J Perry feat Izolan & Shabba

Dekole poster
Ooo!  AAA… Ayiti! ooo Ak gen la? Anmwe! Shabba. M’ gentan avew wi la a
J. Perry Oye, oye! Yeah you know. Izo fuch izo. O we… Kote Shabba? Izo tchilanling
(J. Perry) Mwen ta renmen pou peyim dekole ole, ole, ole, o, dekole ole o. Ole, ole, ole o! (2 fwa)
(Shabba) Ayiti cheri…! Sonje lontan ou te lapel dezantiy, lapel dezantiy… Yo maltretew bel ti peyi mwen, lespwa pa fini wap reprann figiw wooo, wooo… Kite’l avanse, kite’l dekole, kite’l avanse.
(J. Perry) Fo nou tout chanteee, pou n di peyi’n fok li dekole, ye ye. Li gen twop tan kanpe. An nou met tet ansanm pou’n  fel mache, ooo, wo…ou…wo Nou gen bel plaj bel soley, kaskad nou se mevey. Peyi sa tro rich poul pov m’ta renmen we peyi’m dekole ! Ole, ole, ole, o. Dekole ole, o! (2 fwa) Izolan zoblod, zoblod!
(Izolan) Si n’vle peyi n avanse fok nou mache tet kole kanpe tout ipokrizi ak J. Perry nap dekole (ye, ye). Pwodiksyon peyin bese, touris pe vin vizite n, nou telman pa viv ansanm tout lot nasyon vle imilye n, nou sipoze chanje paj, yo fe’ n pote tout vye chaj ayisyen nou dwe met may, koule drapo’ n nan kenbel tayk. Le yo we peyi’n chanje kounya nou pral di: Oye, oye… Oye, oye, oye!  Refren (J. Perry) M’ta renmen pou peyim dekole…(Koral) Ole , ole, ole, o, dekole ole o. Ole, ole, ole o! (2 fwa)
(Shabba) Se tout jounen yap pale nou mal, tout jounen yap pale nou mal. Pa pale’n mal non, pa pale’n mal chak peyi gen pwoblem pa yo. Se tout jounen yap pale nou mal tout jounen yap pale sou do nou. Pa pale’n mal (non, non) Tchakatcha, katcha, katchaaa… Ya This is Shabba. J. Perry, Haiti for life. (Izo fuch Izo) Tchilanling, tchilanling  Yeah I know.
(J. Perry+Koral) ooo. An ale, Dekole an, an (3 fwa). (Izolan: oye, oye. M’gentan avew wi la). Mwen ta renmen (3 fwa), m’ta renmen li dekole (3 fwa). M’ta renmen pou peyim dekole. Ole, ole, ole o ! dekole ole o ! ole, oleo !
-->

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire