Pawòl Twòp moun pou jere de Mikaben ak Izolan

Mikaben
Mikaben
Mikaben Productions,
Yow Izo, ou konnen se ou k prezidan medam yo thug, esplikem janw wè bagay yo non bòdè
Monchè Mika dèfwa yo banm kou deta lè yo vle, siw konn jere, jere bagay yo (eyyy)

Mikaben >
Izolan (eyyy), Mikaben (eyyy), si n’ santi vibe la nan club la leve men n’ (eyyy)
Nenpòt jan (eyyy), tout moun jwenn (eyyy), bout bagayyy
Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
Fòw pa janm gen dout
Se li ki tout saw te espere wè wèl
Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
E lè yo vlope nan braw
E li pi sere

Dèfwa m mande tèt mwen pouki yo relem vakabon
Mwen renmen fanm pa vle di m s’on movè gason
Mwen bon flannè se vre
Mwen gen siksè gade
Kijan menm kote ki fè n’ wè mwen kontinye klere
Mwen poko prè poum stabilize mwen nan lavi
Se sa ki fè fòk nou pa jijem pou sa m’ chwazi
Se pa ta fòt mwen si m’ gen anpil lanmou poum bay
E se pa fòt mwen si yo tonbe pou piyay
Na padonem pour ma fason de voir les choses
Depi ke mwen tou piti m toujou wè lavi en rose
Yo dim egois
Kem panse sèlman ak tèt mwen
Yo di s’on vis,
M toujou wè lavi k’on w jwèt, men
M toujou rekonèt, mwen
Pa nan mannigèt, mwen
Pa janm sere kras pou pèsonn
M toujou di sa k nan tèt mwen
Mwen flow, avec le temps c’est ce qu’il faut
Vivre dans le présent konsa poko janm fè mwen defo

Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
Fòw pa janm gen dout
Se li ki tout saw te espere wè wèl
Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
E lè yo vlope nan braw
E li pi sere

Izolan >
Gen anpil fanm pa di anyen
Se sa k renmen w lan pouw konnen
Tankou mwen menm yo fou pou mwen
Paske figim pa chifronnen
Lè yon fanm mandem lajan
Mwen ba li randevou pita
Tchekem nan wout la fon w’ vire
Apresa fòw metem sou sa
Se ri m’, ri m’, ri lè m wè yon nèg ap fè tèt cho
Depi pòch pa gen monnen
Medam yo relew pa vo
Yo fou pou Mikaben,
Izolan yap pinpinnen
Pa pase nou nan tenten
Apre club la ou pral konnen

Mikaben >
Yo toujou vle pou m okipe yo
Yo ta renmen ou toujou gate yo
Yo kanpe sou postè
Tout sa yo vle se pou w jere yo
Nou pa gen dwa pou n’ neglige yo
Se sa ki fè nou epate yo

Izolan >
Se sak fè pou nou medam yo toujou mande anraje nan lavi sa

Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
Fòw pa janm gen dout
Se li ki tout saw te espere wè wèl
Lavi sa pafwa w gen twòp moun pou jere, pou jere
Ou renmen tout men gen youn kew prefere, kew prefere
Epi tout,  toujou kanpe dan sere
E lè yo vlope nan braw
E li pi sere

Mikaben >
Medam mizik sa e pou nou tou wi
Nou konprann nou inosan
Nou pi dezòd ke mesye yo, hen
Il faut la surveiller yo wi, vakabon,
Hip hop kreyòl for life

-->

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire