Pawòl Gad on rèv de Wanito

Wanito
Non   non…,  Non,non, non, ye, Non, non
Machann konbyen w vann bèso
Mwen pral papa trè byento
Nouvèl sa fè tansyon m’ monte byen wo
Map mennen on vi chomeco
Bagay sa rèddd o,o,o
M sot konpoze nan filo
Tout projèm tonbe nan dlo
Talè m gen on fanm ki pral kage sou do, ooh
Moblije repanse bagay yooo
M pa konn sa m pral di manmanm
Pou vakabon l’ pral pranm
Se nan fanm mwen pase tanm an, an, an
Li pap pè poul kase danm
E lap metem deyò
M pa menm bezwen pedi tanm

Tout zanmim yo la, mwen wè yo tout la
Yo tout kandidaaa ey, ey (bis)
Wanito m vle parenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm parenn
Wanito m vle marenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm marenn

Mal kay matant Losita
li abite delmas 33
Lè mwen dil sa l’ gentan fè wondonmon, ow
 sim gen fanm gròs se afèm ki bon
Kouri m travèse lari a
tèlman m te santim tèt anba
Machin ap klaksonnen se pa pou mwen sa, ow
tèlman m tap panse ak bebe a
Ou wè manman l’ metel deyò
M al avèl andeyò
Pou n al chèche lavi miyò, ò,ò,ò
Lèm rive yo banm manchèt
yon kabann kat pikèt
Yon chanm kay ki san fenèt
Tifi a tonbe kriye
lap gadem kap sekle
jaden mayi map plante e,e,e
Solèy cho kòm ap pikem
fomi tonbe mòdem
M pa gen on zanmi k pou edem
Se lè sa l’ di l’ gen trancheee
sou fèy bwa li koucheee
se la l’ pral akoucheee
Men nan tèt map releee
se lè sa m’ reveyeeee
Se nan dòmi m te yeee,  Ou, oh. Ou, oh. Ou, oh
Gad on rèv ti mesyeuuu
sa se yon kochma ti mesyeuuu
Lèm reveye m delivre ti mesyeuuu, ti mesyeuuu, ti mesyeuuu
Gen nèg ki gentan kontan ti mesyeuuu
poutan se yon rèv ti mesyeuuu
Gad on modèl kochma ti mesyeuuu, ti mesyeuuu, ti mesyeuuu

Tout zanmim yo te la
tèlman yo te la
Yo tout te kandidaaa
Tout zanmim yo te la
tèlman yo te la
Yo tout te kandidaaa
tande yo

Wanito m vle parenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm parenn
Wanito m vle marenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm marenn

Gras a dye sa pa rive
M poko prè
M pa prè poum gen on pitit tandeee
Men lè m’a gen posiblite
mwen pap pè poum fè yon bèl pitit tande,  ey, ey
Mwen pap gen tèt chaje
okontrè map fete tout zanmim envite
Sak pral relem sou kote
kilè lap batize, fiyèl se pou mwen l’ ye ey, ey

Wanito m vle parenn
pa gen pwoblèm ou mèt pran parenn
Wanito m vle marenn, en, en ,en
pa gen pwoblèm ou mèt pran marenn zanmi mwen en (bis)
Yes ur !!!
-->

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire